POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 17 jen 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO NONMEN YON EDIKATÈ NAN M-DCPS GAYAN “2010 AMERICAN CIVIC EDUCATION TEACHER AWARDS (ACETA)” (PRIM PWOFESÈ EDIKASYON SIVIK AMERIKEN 2010)

MIAMI- Yo nonmen Jackie Viana, yon edikatè Etid Sosyal e chèmann depatman nan Lekòl Mwayen Hialeah Gardens, kòm yon gayan pou prim Pwofesè Edikasyon Sivik Ameriken ane 2010, yon prim Sant pou Edikasyon Sivik, Sant Kongrè nan Inivèsite Indiana, ak Asoyasyon Edikasyon Nasyonal patwone.  Prim nan rekonèt twa pwofesè egzanplè anyèlman atràvè Etazini pou travay yo nan prepare jèn moun pou yo vin enfòme e sitwayen angaje.  Se premye fwa yon pwofesè nan Florid genyen prim nan.

Komisyonè Edikasyon Dtè. Eric J. Smith te di “Felisitasyon ak tout kè m ale jwenn Jackie Viana pou angajman eksepsyonèl ak pasyon li dèske li mete edikasyon sivik vivan pou elèv nou yo… Pwosesis demokratik se yon pati vital nan fòs peyi a e mwen anchante dèske Florid reprezante tèlman byen pou yon prim nan kalib sa a.”

Yon gran varyete metòd ansèyman pote ankourajman sou sivik, lwa e gouvèman nan salklas Madan Viana.  Soti nan imitasyon seremoni sitwayente rive sou imitasyon jijman tribinal, klas sivik li yo plis sanble laboratwa pou aprann.  Elèv ki te nan klas li yo se elèv ki reyisi pandan plizè ane, nan jwenn solisyon pou yon gran varyete sijè kritik nan kominote lokal yo e nan nivo eta a.  Ane pase, elèv li yo te jwenn siksè nan amelyore sekirite pou youn nan entèseksyon danjre nan desine yon sistèm limyè trafik ki amelyore.

Gayan ACETA a ap resevwa yon vwayaj yo ap peye tout frè pou li pou l ale Washington, D.C., ete sa a pou li patisipe nan yon pwogram edikasyonèl ki gen ladan sesyon obsèvasyon sou teren an e komite odyans nan Kongrè, e rankontre ak manm Kongrè ak ofisyèl kle, e vizite andwa tankou Achiv Nasyonal e Kousiprèm Etazini. Yo bay Prim Pwofesè Edikasyon Sivik Ameriken an anyèlman a pwofesè lekòl elemantè ak lekòl segondè pou sivik, gouvènmnant e sijè ki relate ki demontre ekspètiz eksepsyonèl, dinamik e kreyativite nan motive elèv pou aprann sou Konstitisyon, Kongrè e règleman piblik.  Pou plis enfòmasyon, vizite www.civiced.org.

###

010-JS/192/VVL/CF

Retounen sou Nòt pou Laprès