|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 17 jen 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
FONDASYON EDIKASYON FLORID, FLDOE REKONÈT SANT EDIKASYONÈL NEVA KING COOPER, PATENARYA RYDER
Chak ane, Fondasyon Edikasyon Florid ak “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) rekonèt biznis atravè eta a ki montre yon angajman ekselan pou amelyorasyon edikasyon nan fòme patenarya avèk lekòl nan kominote yo. Aswè a, y ap onore Keyla Martinez nan Ryder System, Inc., an patenarya avèk Sant Edikasyonèl Neva King, nan 23yèm Prim Rekonesans Biznis Anyèl Komisyonè a nan Tampa. Komisyonè Edikasyon Eric J. Smith, manm komisyon Fondasyon an, manm Komisyon Edikasyon, Sipèentandan Distri ak Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl ap preside nan seremoni an.
Depi 12 zan, anplwaye Ryder ofri elèv nan Sant Neva King Cooper jwèt ak atik yo bezwen anpil tankou lenn, pwodui ijyèn dantè, sèvyèt pisin, kostim pou benyen, ansanm ak soupe “Thanksgiving” (Jou Fèt Remèsiman). Anplwaye Ryder kowòdone tou yon fèt Nwèl pou elèv ki prezante Tonton Nwèl ki ap rive nan lekòl la sou yon kamyon ponpye ki pote kado pèsonalize pou yo chak.
Konpayi “Fortune 500” sa a ede rann fèt yo pi konfòtab e amizan pou tout elèv nan lekòl la, fanmi yo ak anplwaye yo.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Doktè Alberto T. Fernandez, Direktè Sant Neva King Cooper, oubyen asistan direktè Henny Cristobol, nan 305-247-4307.
###
10-JS/193/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |