|
M-DCPS KREYE ‘PAKE AMIZMAN ETE’ KI DISPONIB SOU ENTÈNÈT POU
Aktivite amizman sa yo disponib pou elèv lekòl elemantè, mwayen ak segondè nan kat matyè: redaksyon/lekti, matematik, syans ak etid sosyal. Pake yo gen ladan yo tou lyen edikasyonèl sou Entènèt avèk mizangad pou paran sipèvize itilizasyon pitit yo sou Entènèt. Pake sa yo pèsyade paran tou pou ankouraje pitit yo fè lekti pou omwen 30 minit chak jou, e yo gen ladan lyen pou paj “Miami-Dade Public Library’s Summer Reading” (Bibliyotèk Leta Miami-Dade Lekti Ete): www.mdpls.org, ak paj “Barnes & Nobles Summer Reading” (Lekti pou Ete ‘Barnes & Nobles’): www.barnesandnoble.com/summerreading/. Pou enfòmasyon adisyonèl, kontakte Karen Spigler, Direktris Administratif pou Redaksyon/Lekti, nan 305-995-3120; Beatriz Zarraluqui, Direktris Administratif pou Akademik Avanse/Matematik/Syans, nan 305-995-1939; oubyen John Doyle, Direktè Administratif pou Etid Sosyal, nan 305-995-1982. # # # 10-JS/194/HD/RL
|