POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 25 jen 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SENK GRADYE NAN M-DCPS AP RESEVWA BOUSDETID NAN MEN ASOSYASYON OFISYE POLIS ISPANIK, 28 JEN

Senk gradye nan Lekòl Leta Miami-Dade County pami 10 elèv k ap resevwa bousdetid nan men “Hispanic Police Officers Association (HPOA)” (Asosyasyon Ofisye Polis Ispanik) nan yon seremoni k ap fèt lendi 28 jen, a 7:30 nan aswè, nan biwo santral la.  Biwo santral la lokalize nan 1470 N.W.
107th Ave., Suite P, Doral.
 
Anba a se lis elèv yo, prim yo resevwa, lekòl segondè yo ak inivèsite yo gen entansyon ale yo:
 
Prim Bousdetid $2,500
Bertila Fernandez, Miami Norland Senior High ­ Florida State University Alexis V. Marling, Coral Reef Senior High ­ University of Central Florida
 
Prim Bousdetid $1,000
D¹Andre J. Clements, Miami Norland Senior High ­ University of Florida Krysten Vazquez, John A. Ferguson Senior High School ­ University of Miami Crystal Shirley, William Turner Technical Arts High School ­ Florida A & M University
 
HPOA bay prèske $70,000 pou bousdetid depi 2006.  Kritè pou seleksyon an gen ladan ale nan yon kolèj ki akredite oubyen anwole nan yon pwogram pou pousuiv yon diplòm pou tèm lekòl ki ap kòmanse ann otòn ane aktyèl la.
 
Asosyasyon an te fonde an 1979 pou pwomote rekritman Ispanik nan depatman lapolis yo.  Li bay sèvis tankou asistans legal ak fòmasyon pou amelyorasyon karyè pou manm li yo atravè Florid.
 
Pou plis enfòmasyon sou pwogram bousdetid la rele 305-594-1173.

 

###

10-JS/196/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès