POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 29 jen 2010  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

NÒT FCAT YO SOTI, PÈFÒMANS LEKÒL M-DCPS MONTE

MIAMI –Apre anpil reta, Depatman Edikasyon Florid finalman soti enfòmasyon sou pèfòmans elèv nan “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid) la, e rezilta pou Lekòl Leta Miami-Dade County yo ekstrawòdinè. Ogmantasyon elèv M-DCPS yo demontre nan egzamen Lekti, Matematik, ak Redaksyon FCAT yo depase pa Eta a nan prèske chak nivo ane eskolè.
 
Pou premye fwa, ogmantasyon nan pousantaj elèv ki fè gwo nòt nan Distri a nan Lekti ak Matematik te satisfè oubyen depase nòt nan tout eta a nan tout Ane Eskolè sof 9yèm, ki lakoz pèfòmans ki depase mwayèn eta yo senk fwa lavalè nan Lekti e double chif eta yo nan Matematik.
 
Bon nouvèl la kontinye avèk nòt ekstrawòdinè nan redaksyon.  Pi gwo poustantaj elèv 4yèm ak 10yèm ane eskolè nou yo fè pi gwo nòt nan Redaksyon FCAT (4.0 oubyen pi wo) pase kamarad yo atravè eta a. Finalman, vin gen plis konfimasyon ansèyman k ap fèt nan Miami-Dade ap fè yon diferans e sa pèmèt elèv yo reyalize sa ki pa janm fèt anvan, ane sa a pi gwo pousantaj elèv 10yèm ane eskolè nou yo te pase egzamen gradyasyon Lekti ak Matematik FCAT la depi sou premye fwa yo te pran yo nan yon nivo ki plis pase de fwa sa ki fèt nan tout eta a.
 
Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Anfas nouvèl negatif tankou “oil spill” (devèsman luil) nan kòt Gòlf la ak reta nan rezilta FCAT yo... Elèv nou yo nan Lekòl Leta Miami-Dade County, anba direksyon pwofesè ak administratè nou yo, depase pèfòmans kamarad yo atravè Eta a e pase nan premye plas plizyè fwa nan distri lekòl nou an.”
 
Y ap poste rezime rapò konplè Distri a, Eta a, lekòl yo osito yo vin disponib sou paj Entènèt “Florida Education Department (FLDOE)” (Depatman
Edikasyon Florid) nan http://fcat.fldoe.org.   Anplisdesa, yon pwogram
òdinatè enteyaktif ap disponib nan http://fcat.fldoe.org/results/default.asp
ak paj Entènèt sou rezilta FCAT yo (Œspreadsheet) ap disponib nan http://fcat.fldoe.org/mediapacket/2010/default.asp.

###

10-JS/197/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès