|
YON PWOFESÈ M-DCPS RESEVWA PRIM VOLONTÈ EKSELAN NAN KONFERANS SÈVIS NASYONAL Miami Kòporasyon pou Sèvis Nasyonal ak Kominotè te onore Janis Klein-Young, yon pwofesè ar siperyè nan Akademi Jèn Gason nan MacArthur South avèk “Spirit of Service Award” (“Prim Espri Sèvis”) nan Konferans Nasyonal sou Volontarya ak Sèvis li a yè nan Radio City Music Hall nan New York. Yo bay prim yo chak ane a moun ki reprezante chak nan twa pwogram sèvis nasyonal kòporasyon an AmeriCorps, Senior Corps, ak Learn and Serve America ki te bay sèvis egzanplè nan kominote yo. Kòm yon eleman nan pwogram nan, elèv travay chak semèn nan aprann teknik atizana lokal tankou penti, eskilti, seramik, òneman ak travay bwa atis lokal fè nan ArtSouth nan Kominote Homestead la. Elèv yo fè tou aktivite kominotè, kiltirèl ak atistik nan Homestead; ofri vizit ArtSouth; e kreye penti miray piblik. ### 10-JS/198/GC/RL
|