|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 jen 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YON ELÈV 11YÈM ANE NAN HIALEAH GARDENS RESEVWA ONÈ NASYONAL POU SÈVIS VOLONTÈ
MIAMI - Alexandria Segovia, yon elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County, te resevwa onè resamman nan “Radio City Music Hall” avèk premye “Hasbro Community Action Hero Awards” (Prim Ewo Aksyon Kominotè Hasbro) pou travay ekstrawòdinè li fè kòm volontè. Prim Ewo Aksyon Kominotè yo rekonèt elèv ekselan ki demontre yon istwa sèvis kominotè aktif, ladrès ak kreyativite nan rezoud pwoblèm, abilite pou dirije moun nan menm gwoup laj ak yo e pran angajman pou fè yon diferans pozitif nan kominote yo. Gayan Prim Ewo Aksyon Kominotè Hasbro 2010 yo resevwa yon bousdetid sèvis $1,000.
Alexandria, yon elèv 11yèm ane nan Lekòl Segondè Hialeah Gardens, te konplete plis pase 500 èdtan sèvis kominotè atravè ³Hands On Miami² (Miami Ann Aksyon), kote li sèvi kòm prezidan Konsil Konsèy Jèn nan. Li dirije plis pase $4,000 manm ³Youth Volunteer Corps² (Ekip Volontè Jèn), kowòdone pwojè sèvis mansyèl e sèvi kòm direktris sou plas pou aktivite volontè yo.
Anplisdesa, li se “Junior Community Emergency Response Team” (Jèn Ekip Sekouris Kominotè nan Ka Ijans), kote li te pran fòmasyon e li te resamman ede 35 lòt kamarad resevwa sètifika sa a. Kòm chèmann Sèvis Kominotè pou PTSA lekòl li a, li fasilite tou pwogram pou kamarad li yo aprann benefis angajman sivik.
Yo te entwodui e prezante prim yo nan Konferans Nasyonal sou Volontarya ak Sèvis, ki se pi gwo rasanbleman mondyal lidè kominotè ak sèvis nan sektè òganizasyon ki pa la pou pwofi, leta ak kòporasyon. Se Kòporasyon pou Sèvis Nasyonal ak Kominotè ansanm ak “Points of Light and Hands on Network” ki konvoke Konferans Nasyonal sou Volontarya ak Sèvis la. Pou plis enfòmasyon, vizite www.volunteeringandservice.org.
###
10-JS/200/GC/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |