POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 6 jiyè 2010  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV M-DCPS DIRIJE "PLEDGE OF ALLEGIANCE" PANDAN SEREMONI NATIRALIZATION 4 JIYÈ
 

Yo te chwazi Carlos Beltrán, yon elèv nan Sant Adilt Hialeah High, pou dirije “Pledge of Allegiance” (Sèman Lwayote Ameriken) pandan yon seremoni natiralizasyon 4 jiyè nan Milander Park nan Hialeah.  Katreven senk moun te prete sèman kòm nouvo sitwayen, kòm yon pati selebrasyon ki te fèt pou Jounen Endepandans la.
 
Beltrán di, “Mwen fyè pou opòtinite mwen genyen pou m reprezante rès nouvo sitwayen yo nan jounen espesyal sa aŠ Mwen rekonesan a Pwogram Edikasyon Adilt Lekòl Leta Miami-Dade County pou preparasyon ki disponib pou moun ki vle vin sitwayen gran peyi sa a.”
 
Beltrán te rive Ozetazini dizan desa sot Kolonbi pou l chèche libète apre yo te menase lavi li. Pitit fi Beltrán te fèt isit e pou l ka reyalize rèv li pou l vin yon sitwayen, li te enskri ane dènye nan Pwogram Edikasyon Adilt Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) nan Sant Adilt Hialeah.  Beltrán planifye kontinye nan menm sant la pou l metrize lang Anglè a.
 
Pwogram Edikasyon Adilt M-DCPS la sèvi apwoksimativman 107,000 elèv anyèlman.  Chif sa a reprezante apeprè 21 pousan tout elèv yo anrejistre nan tout distri lekòl nan Florid yo.  Elèv ki patisipe nan Pwogram Edikasyon Adilt la resevwa preparasyon nan plis pase 60 fòmasyon karyè vokasyonèl, edikasyon debaz pou adilt, klas pou diplòm GED, fini lekòl segondè, Anglè kòm yon Dezyèm Lang ak sitwayènte. Yo ofri anpil nan klas sa yo gratis.
 
Pou enfòmasyon adisyonèl sou pwogram Edikasyon Adilt la, rele 305-558-8000.

Carlos Beltran

Carlos Beltrán ap delivre “Pledge of Allegiance” (Sèman Lwayote Ameriken) an
4 jiyè 2010. Dèyè li se ofisyèl USCIS yo ak Julio Robaina, Majistra Vil Hialeah.

 

###

10-JS/201/GC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès