|
SIPÈENTANDAN YO MANDE ETA A POU REVIZE IREGILARITE FCAT MIAMI - Sipèentandan Distri lekòl yo atravè Florid ap rele pou revize done “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid) apre yo te note iregilarite siyifikan nan rezilta yo pou ane eskolè 2009-2010. Pandan sipò ap ogmante, Asosyasyon Sipèentandan Distri Lekòl nan Florid kote komisyon egzekitif te fè yon reyinyon ijans maten an e yo te andose pozisyon yo. Alberto Carvalho, Sipèentandan pou Lekòl Leta Miami-Dade County di, “Nou konsène anpatikilye sou efè iregilarite yo kab genyen sou nòt pèfòmans lekòl yo, No Child Left Behind (NCLB)” (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè), “Adequate Yearly Progress (AYP)” (Pwogrè Anyèl Adekwat), ak lòt desizyon plasman lekòl … Nou ap mande pou Depatman Edikasyon Eta a fè yon twazyèm antite egzamine rezilta sa yo anvan yo distribye done final yo bay distri lekòl endividyèl yo.” Sipèentandan Broward, Duval, Hillsborough, Leon ak Miami-Dade County fè premye demand la nan yon lèt bay Komisyonè Edikasyon Florid Eric J. Smith. Done yo ap kesyone a sèvi pou kalkile nòt pèfòmans lekòl epitou deziyasyon NCLB AYP, kote tout genyen yon efè serye sou lekòl, pwofesè, paran e kominote a. Reprezantan Eta Erik Fresen, Distri 111” di, “Iregilarite estatistik nou wè yo mande pou nou fè yon poze, idantifye pwoblèm nan, e korije li trèbyen anvan yo pibliye nòt lekòl yo.” Sistèm Nòt Pèfòmans Lekòl Eta a genyen ladan pwogrè sou aprantisaj nan lekti e nan matematik e pwogrè pwen aprantisaj elèv nan 25 pousan pi ba nan lekti e matematik. Pwogrè pwen elèv sa yo reprezante 50% total pwen yo fè nan Nòt Pèfòmans lekòl tankou, nenpòt iregilarite nan done sa a kab gen konsekans serye pou Nòt Pèfòmans Lekòl ak deziyasyon AYP pou yon lekòl. Pwogrè elèv pouse desizyon sou ranplase direktè ak anplwaye enstriksyonèl yo. Pa egzanp, anba modèl entèvansyon Responsablite Diferansyèl (Restriktirasyon Transfòmasyonèl) demand yo endike pou yo ka kenbe pwofesè lekti ak matematik sèlman si omwen 65 pousan elèv yo akonpli siksè pwogrè nan mwayènn sou yon peryòd twazan. ### 10-JS/203/GC/CF
|