POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 20 jiyè 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

DE ELÈV MIAMI-DADE RESEVWA REKONESANS NAN KONPETISYON NASYONAL 2010 “NAACP ACT-SO”

MIAMI -  De elèv lekòl leta Miami-Dade ki  te finalis nan konpetisyon Miami-Dade “NAACP-SO” te pami gayan nasyonal yo nan 32yèm konpetisyon Anyèl Akademik Nasyonal “NAACP ACT-SO” nan Kansas City, Mo., semèn sa a.  Gayan yo se Kayla Burgess, yon elèv lekòl segondè nan Miami palmetto Senior High, e ki genyen meday lò nan Ar Dramatik; ak Karen Feliz, yon elèv ki gradye nan “New World School of the Arts, ki genyen meday ajan an nan fè desen.

ACT-SO – Jwèt Olenpik Afwo-Akademik, Kiltirèl, Teknolojik ak Syantifik – se yon pwogram anrichisman ki dire tout yon ane, ki fèt pou rekrite, estimile, amelyore e ankouraje gwo reyalizasyon akademik ak kiltirèl pami elèv lekòl segondè Afriken Ameriken yo.  Elèv ki pran meday lò nan nivo lokal yo kalifye pou final nasyonal yo fè chak ete.

Gwoup 20 finalis la te gen ladan elèv ki soti nan lekòl segondè Miami Edison, Design & Architecture, North Miami Beach, Felix Varela, New World School of the Arts, Coral Reef ak South Miami ki t’ap fè konpetisyon nan plis pase 26 kategori, soti nan ar: dans, desen,  pale an piblik ak konpozisyon mizikal; rive nan syans: biyoloji, jeni, syans medsin ak enfòmatik.

Pou plis enfòmasyon, kontakte art Johnson, Chèmann NAACP ACT-SO Miami-Dade, nan 305-685-9436.

 

###

10-JS/205/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès