POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 16 jiyè 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE COUNTY APWOUVE PLAN RE-ÒGANIZASYON SIPÈENTANDAN CARVALHO A, KI EKONOMIZE $8 MILYON

MIAMI – Nan reyinyon 14 jen 2010 li a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te apwouve yon plan re-òganizasyon Sipèentandan Alberto M. Carvalho te pwopoze ki pral ekonomize distri lekòl la $8 milyon.  Yo estriktire plan an pou l pwoteje travay pwofesè yo e pou li prezève edikasyon ar ak mizik, pandan li ap kenbe vyabilite finansye distri lekòl la.

Anba re-òganizasyon an, yo pral deplwaye plis pase 200 anplwaye biwo santral ak rejyonal pou anseye nan lekòl Distri yo, pou ede satisfè demand Amandman Kantite Elèv nan Salklas la.  Moun yo ap deplwaye yo ap pèmèt yon re-distribisyon fon bay lekòl yo jiska $12 milyon.  Anplis, yo ap kontinye diminye fon kapital mendèv la selon rediksyon salè yo, e y ap klasifye anplwaye etablisman lekòl yo pou yo fè mentnans esansyèl lekòl yo e fini pwojè kapital ki ap pwogrese yo.

Re-òganizasyon an redui 65 pozisyon nan administrasyon santral la, ki gen ladan kat asistan
Sipèentandan, 14 manadjè pwojè nan Amenajman, ak 29 pozisyon nan Kourikoulòm ak Enstriksyon.  Distri a fè plis pase $400 milyon rediksyon depi 2008, lè Carvalho te vin Sipèentandan.  Anplisdesa, yo bati rezèv Distri yo ak prèske anyen pou rive plis pase $70 milyon, yon faktè ki kontribye anpil nan amelyorasyon evalyasyon “Moody” ki soti nan yon pèspektif negatif pou rive estab.

Plan an etabli tou yon pozisyon nan nivo kabinè, eta a mande pou toujou ap sipòte lekòl ki pèfòme ba yo jan règ amelyorasyon lekòl Eta a deziyen li.  Mesye Nikolai P. Vitti, Depite Chanselye, “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid), ap retounen nan Distri a, ansanm ak kèk anplwaye kle, pou sèvi kòm Asistan Sipèentandan, Kourikoulòm ak Enstriksyon, Amelyorasyon Lekòl ak Responsablite, Transfòmasyon ak Pèfòmans Edikasyon.  Madan Marie L. Izquierdo, Direktris Egzekitif Rejyonal, FLDOE, ap retounen nan Distri a tou pou sèvi kòm Direktris Administratif, Sèvis Biznis, Fonksyònman Lekòl.

 

###

10-JS/206/GC/TS/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès