POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 jiyè 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS, VIL CORAL GABLES AK OFISYÈL KONSILA YO DEVWALE PLAN POU NOUVO LEKÒL ETID ENTÈNASYONAL

CORAL GABLES - Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho, Majistra Vil Coral Gables Don Slesnick, ofisyèl konsila Fransè, Italyen ak Espanyòl yo te rankontre pou devwale plan pou ouvri yon nouvo lekòl segondè nan Coral Gables yo konsakre pou “International Studies (IS)” (Etid Entènasyonal).  Akademi Preparatwa Etid Entènasyonal sa a nan Gables se rezilta efò kolaborasyon ant Lekòl Leta Miami-Dade County (M DCPS) ak ministè edikasyon Lafrans, Itali, ak Espay.  Lekòl la ofri elèv yo opòtinite pou etid entansif nan lang menmjan ak etid entènasyonal.  Se sèl lekòl leta ki gen pwogram konsa Ozetazini.

Ofisyèl yo anonse tou etablisman Sant K-8 nan Coral Gables.  Apwoksimativman 120 elèv sizyèm ane eskolè ki soti nan Lekòl Elemantè Coral Gables pral peple lekòl la nan lokal Sant Edikasyonèl Merrick, toupre lekòl elemantè a.

Yo te etabli pwogram IS la an 1986 nan Lekòl Elemantè Sunset.  Tousuit apre, pwogram nan elaji nan twa lòt lekòl: Sant K-8 Coral Way, Sant North-Dade pou Lang Modèn, ak Lekòl Mwayen Carver.  Pwogram Etid Entènasyonal la bay elèv yo yon kourikoulòm entènasyonal ki aksantye sou etidye yon lang mondyal.  Anplisde etid sijè estanda ann Anglè, elèv yo resevwa jiska twazèdtan ansèyman nan lang yo chwazi a: Fransè, Alman, Italyen, oubyen Espanyòl.  Se enstriktè ki soti nan peyi sa yo ki anseye elèv yo kèk nan sijè yo, e elèv yo itilize lang yo metrize a pandan yo ap etidye literati ak imanite nan lang yo vize a.  Elèv segondè yo pousuiv etid nan literati, matematik, istwa ak jewografi nan lang yo vize a e yo ankouraje yo pou travay nan pi wo nivo nan kou Onè ak Plasman Avanse ann Anglè.  Nan gradyasyon, elèv la ka resevwa akreditasyon doub de gouvènman etranje ak a Eta Florid la.  Elèv sa yo ap kapab antre nan mache global la avèk ladrès ekstrawòdinè sa yo y ap kapab komèsyalize.

Pwogram Etid Entènasyonal la bay elèv yo opòtinite pou pa sèlman vin alfabetize ann Anglè ak yon lòt lang, men tou pou pousuiv yon kourikoulòm akademik ak yon vizyon entènasyonal ki adrese estanda apwofondi pou toude sistèm edikatif yo, US ak Inyon Ewopeyen.  Ministè Edikasyon peyi sa yo bay pwofesè yo resous ak materyèl ansèyman, menmjan ak asistans teknik kiltirèl nan lekòl ki ap patisipe yo.  Distri lekòl la planifye pou kòmanse pwogram nan ann otòn sa a.  Yo ap mete elèv yo nan lòt bilding jiskaske lekòl la pare pou yo rantre ladan ann otòn 2011.

###

10/208/GC/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès