|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 21 jiyè 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
- FOTO POU LAPRÈS –
M-DCPS, OFISYÈL VIL CORAL GABLES DEWVALE PLAN
POU NOUVO AKADEMI PREPARATWA ETID ENTÈNASYONAL
Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho, ofisyèl ki soti nan Vil Coral Gables ak reprezantan ki soti nan Konsila Espanyòl, Italyen e Fransè te rankontre yè pou devwale plan pou lekòl magnèt “International Studies Preparatory Academy @ Gables (ISPA),” (Akademi Preparatwa Etid Entènasyonal) ki pral ofri elèv yo opòtinite pou etid entansif nan lang ak etid entènasyonal; menmjan tou ak etablisman Sant K-8 Coral Gables.
ISPA ap aksepte elèv 9yèm ane eskolè sèlman pou ane lekòl 2010-2011 la. Nou ka jwenn enfòmasyon sou ISPA ak fòm admisyon yo nan http://choice.dadeschools.net/ISPA/.

Devwale Akademi Preparatwa Etid Entènasyonal – (G a D) Direktè Egzekitif Chanm Komès Coral Gables Mark Trowbridge, Manadjè Vil Coral Gables Pat Salerno, Direktè ISPA Alejandro Perez, Vis Chèmann Komiyson Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto Carvalho, ak Majistra Vil Coral Gables Don Slesnick.
###
10-JS/209/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |