POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 28 jiyè 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO PRAL ONORE FON BOUS “COLLEGE ASSISTANCE PROGRAM,”
 (PWOGRAM ASISTANS NAN KOLÈJ) 29 JIYÈ

Plis pase 300 elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) pral defile nan “Country Club Ballroom Biltmore Hotel” a 5:30 nan aprèmidi, jedi 29 jiyè, pou resevwa bous “last dollar” “College Assistance Program (CAP), Inc.” (Pwogram Asistans nan Kolèj) bous pou ale nan kolèj.  Otèl Biltmore lokalize nan 1200 Anastasia Ave., nan Coral Gables.

Pami prezantatè prensipal yo nou jwenn Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho; Prezidan Kolèj Miami-Dade Kanpous Nò, Dtè. Jose Vicente; al Provost Florida International University, Dtè. Douglas Wartzok.   Prezantatè prensipal pou elèv yo se Gayan “Silver Knight” Lekòl Segondè Miami Edison, Estanley Baptiste.

Donatè lokal ak zanmi CAP, Inc. Nieves Losa, Vis-Prezidan “Community Blood Centers of South Florida” ap la tou pou prezante chèk bay elèv yo e onore yo.

Ansyen manm Komisyon Konsèy Lekòl ki te sèvi pou plis tan G. Holmes Braddock, an kolaborasyon ak Divizyon Sèvis Elèv M-DCPS ak Dade Community Foundation, CAP, Inc. ki te fonde li.  Se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki devwe pou asiste divès gradye M-DCPS, miltikiltirèl, dezavantaje ekonomikman, ki epuize tout kalite mwayen pou jwenn asistans finansye.  CAP, Inc. pèmèt yo ale nan kolèj yo chwazi atravè asistans bous “last dollar.”

Depi 1979, CAP, Inc. ap travay an kolaborasyon ak M-DCPS pou bay elèv milyon dola don bous.  Atravè ane pase yo, plis pase 10,000 elèv resevwa plis pase $11 milyon.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte, Deborah A. Montilla, Direktris Distri, Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-7324.

 

###

10-JS/210/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès