POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 13 out 2010         

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL FÈ SEREMONI KOUPE RIBAN POU 
AKADEMI PREPARATWA K-8  CORAL GABLES
NAN SANT EDIKASYONÈL MERRICK

KIYÈS: 
Administratè Lekòl Leta Miami-Dade County, anplwaye Akademi Preparatwa K-8 Coral Gables, elèv, paran ak sitwayen enterese
KISA:
Seremoni Koupe Riban Akademi Preparatwa K-8 Coral Gables nan Sant Edikasyonèl Merrick
KILÈ: 
Mèkredi 18 out
9è dimaten
KI KOTE: 
39 Zamora Avenue
Coral Gables, FL 33134      
POUKISA:

Yo te kreye Akademi Preparatwa K-8 Coral Gables la pou ofri yon estrikti pou 6yèm a 8yèm ane eskolè nan Sant Edikasyonèl Merrick.  Elajisman sa a asire elèv lekòl elemantè ap ka kontinye kenbe yon anviwònman akademik solid ki rich an teknoloji e ki absòbe avèk yon pwogram lang ki ap pèmèt yo vin bileng e gen konesans nan de lang lè y ap antre nan lekòl segondè.

Inisyativ la ofri edikasyon 3yèm milenè ak deplwaman aparèy elektwonik pòtab ki ranpli sant medya dijital la ak abilite pou enstriksyon global atravè yon platfòm kayenòt elektwonik, “IPODS,” “ITunes U” ak pwomnad edikatif vityèl.  Yon sant espòtif ak ekipman gwo teknoloji pral disponib tou pou elèv yo.

 

 

# # #

10-JS/211/DF/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès