|
LEKÒL SEGONDÈ AKADEMI iPREP INOVATIF, ENTÈRAKTIF, Akademi iPrep la, yo konsidere kòm yon lekòl segondè pou nouvo milenè a, pwograme pou ouvri ann otòn nan kè sant kiltirèl ak ekonomik biznis Miami. Akademi an ki se yon lekòl Magnèt, pral chita nan kè anba lavil Miami nan bilding Anèks Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la, 1500 Biscayne Blvd. Enskripsyon pou ane lekòl 2010-2011 la limite e li ouvri sèlman pou elèv ki pral antre nan 11yèm ane eskolè. Akademi iPrep la pral ofri yo yon kourikoulòm rigoure ki pral konpoze ak kou onè e plasman avanse, ak enstriksyon dinamik ki pral vize sou detay ladrès lidè ak pou rezoud pwoblèm. Elèv yo ap gen yon koneksyon dirèk ak kominote biznis vibran Miami an ki pral pèmèt anpil opòtinite pou estaj nan endistri prive ak gouvènman lokal yo. Yo pral entegre aktivite pratik e eksperyans reyèl ki ap pase nan mond lan kòm pati kou chak jou yo. Akademi iPrep la pral ofri elèv yo tou yon anviwònman chaje ak teknoloji, aksè sou aparèy san fil, ak tout konpitè pòtab pou chak elèv pou itilize lakay yo, ak nan klas sou entènèt ak tradisyonèl. Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, kontakte 305-995-1928 oubyen vizite miamimagnets.org oubyen http://it.dadeschools.net/annex. ### 10-JS/212/HD/SD
|