|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 30 jiyè 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN CARVALHO ENVITE PREZIDAN UTD ARONOWITZ NAN WASHINGTON POU PREZANTASYON “RACE TO THE TOP”
MIAMI - Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te envite Prezidan “United Teachers of Dade (UTD) (Sendika Pwofesè Dade yo) Karen Aronowitz pou akonpaye l Washington, DC lè Florid ap fè prezantasyon “Race to the Top” (Kous pou Antèt) li a nan Depatman Edikasyon Etazini 11 out.
Carvalho di, "Madan Aronowitz ak UTD te trè ankourajan nan misyon nou atravè faz sa a nan pwosesis la. Sipò sa a te vital nan ede Florid devni yon finalis nan jwenn Fon Kous pou Antèt an."
Sekretè Depatman EdikasyonEtazini Arne Duncan te nonmen Florid yon finalis nan 2yèm Faz Konpetisyon Kous pou Antèt federal la 27 Jiyè. Yo te mande Sipèentandan Carvalho pou l fè pati ekip prezantasyon an, ki gen ladan Gouvènè Florid Charlie Crist; Komisyonè Edikasyon Eta a Eric J. Smith ak Prezidan Asosyasyon Edikasyon Florid Andy Ford.
Aronowitz di, "Mwen anchante pou m akonpaye Sipèentandan Carvalho ak ekip nou an Washington pou pale nan non elèv ak pwofesè Florid yo. Fon Kous pou Antèt la ap bay distri nou an abilite pou l kreye pwogram inovatif ki kapab pote kreyativite ak edikasyon amizan pou elèv yo."
Nan mwa me a, yon lòd egzekitif ki te nonmen Sipèentandan Carvalho pou l dirije Gwoup Travay Kous pou Antèt Florid la. Anba direksyon Carvalho, Gwoup Travay la te revize "Memorandum of Understanding (MOU)" (Memorandòm Konpreyansyon) an ki sipòte aplikasyon eta a pou jwenn fon Kous pou Antèt la, e li te travay pou ankouraje sipò anpil moun ki enterese. Carvalho di, "Madan Aronowitz te rete fèm nan sipò li lè nou t ap travay sou MOU sa a, e mwen fyè pou m mande l ale ak nou nan vwayaj Washington pou prezantasyon an." Carvalho te nonmen Aronowitz tou nan gwoup travay MOU lokal la.
Depatman Edikasyon Etazini sponsorize Kous pou Antèt la pou founi 4.35 milya dola pou eta ki pote labanyè ak plan anbisye men ki reyalizab pou etabli refòm koyeran, konvenkan e konpreyansif nan edikasyon. Yo te chwazi Florid kòm youn nan 16 finalis pou 1ye faz fon Kous pou Antèt la, kote yo te bali katriyèm pi gwo kantite pwen pou aplikasyon li a. 3.4 milya dola toujou disponib pou eta yo pou 2yèm faz fon Kous pou Antèt la. Si yo chwazi pwopozal Florid la, Florid ka resevwa jiska $700 milyon nan fon federal pou etabli e devlope lokalman plan refòm edikayson konpreyansif.
###
10-JJS/213/GC/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |