POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 2 out 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO NONMEN GRADYE LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY GAYAN INOGIRAL POU YON PRIM PRESTIJYE

MIAMI- Leangelo Hall, yon gradye 2010 Lekòl Segondè Coral Reef, se yon elèv k ap resevwa prim inogiral Bous Etid ExxonMobil Bernard Harris Matematik ak Syans.

“Council of the Great City Schools” bay kat elèv minorite bous sa a chak ane, de elèv Ameriken Nwa, ak de elèv Ispanik, ki prale nan youn nan pi gwo distri lekòl iben atravè peyi an.  Chak bous etid yo gen valè montan $5,000.  Bous  etid la ankouraje enterè ak pousuit yon diplòm ki relate ak teknoloji.  Katsan aplikan fè konpetisyon pou bous etid dezirab sa a.  Yo te chwazi benefisyè yo sou baz akonplisman akademik yo menmjan ak kapasite pou yo dirije ak aspirasyon sivik yo.

Inivèsite Princeton te aksepte Leangelo, kote li planifye pou etidye chiriji newoloji pedyatrik.  Li te sèvi kòm kapitèn ekip tenis nan Lekòl Segondè Coral Reef.  Anplis, Leangelo bay elèv lekòl elemantè leson patikilye e li te patisipe nan plizyè efò pou ranmase lajan nan kominote l.

“Council of the Great City Schools” se yon òganizasyon nasyonal san parèy, ki reprezante bezwen lekòl leta iben.  Li konpoze ak 65 distri lekòl gwo vil, òganizasyon an pwomote lekòl iben e sèvi kòm defansè pou elèv nan katye dezerite yo atravè relasyon medya, rechèch ak lejislasyon.

Yo ap rekonèt ganyan bous etid yo nan 54yèm Konferans Anyèl Otòn Konsil la, ki ap fèt nan Tampa 20-24 oktòb.

 

###

10-JJS/213/JS/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès