|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 2 out 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
SIPÈENTANDAN CARVALHO PRAL PATISIPE NAN SEREMONI
GRADYASYON TOUNE KOLÈJ NAN REJYON V
|
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Sipèentandan Region V Valtena G. Brown, ofisyèl Vilaj Pinecrest, elèv Rejyon V, anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS), paran ak patnè kominotè |
|
Seremoni Gradyasyon Elèv “College Tour Institute” (Enstiti Toune Kolèj) elèv nan Region V |
KILÈ: |
Madi 3 out 2010
7:00 diswa
|
KI KOTE: |
Southwood Middle School
16301 S.W. 80 Avenue
Miami, FL 33157
|
POUKISA: |
Katreven en elèv lekòl rejyon V M-DCPS te patisipe nan kat semèn Enstiti Ete Toune Kolèj pou resevwa enfòmasyon ki gen rapò ak demand pou antre nan inivèsite/kolèj ak estrateji pou prepare yo pou pwosesis aplikasyon kolèj la. Prezantasyon enfòmasyon e pou paran yo te fè yon pati nan Enstiti a, menmjan ak devlopman yon plan aksyon, seleksyon kou etid, ranpli aplikasyon an, redaksyon, ak atik èd finansye. Rejyon V M-DCPS ofri pwogram nan an konjonksyon avèk Vilaj Pinecrest. Seremoni gradyasyon an ap sèvi kòm somè evènman yo pou patisipan pwogram yo ak paran yo.
|
# # #
10-JS/215/GC/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |