POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 2 out 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

NOUVO LEKÒL SEGONDÈ MAGNÈT, MAST @ HOMESTEAD
AP FÈ “OPEN HOUSE” (VIZIT LEKÒL)

KIYÈS: 
Administratè Lekòl Leta Miami-Dade County, administratè MAST @ Homestead, elèv, paran ak sitwayen enterese
KISA:
Vizit Lekòl MAST @ Homestead
KILÈ: 
Jedi 5 out a 6:30 diswa
KI KOTE: 

Gateway Environmental K-8 Learning Center
955 S.E. 18 Avenue
Homestead, FL 33035

POUKISA:

Akademi Medikal pou Syans ak Teknoloji, MAST @ Homestead, pral ouvri pòt li pou premye fwa 23 out 2010 pou elèv ki ap antre nan 9yèm ane eskolè.  MAST @ Homestead se yon akademi magnèt lekòl segondè konplè e li pral ofri elèv yo opòtinite pou jwenn aksè nan yon lekòl segondè elit ak pwogram avanse nan domèn Biyomedikal, Syans Famasetik, ak Terapi Fizik.  Elèv yo ap gen yon opòtinite pou etidye nan yon enstalasyon dènye modèl e jwenn aksè sou dènye rechèch ki fèt nan domèn medikal. 

Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite paj Entènèt MAST@ Homestead nan choice.dadeschools.net/mastmedical  oubyen telefone 305-257-4500.

 

# # #

  10-JJS/216/DF/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès