POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 5 out 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SEREMONI KLOTI "COLLEGE TOUR INSTITUTE" (ENSTITI TOUNE KOLÈJ)
SANT REJYON V,  LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY 

MIAMI- Rejyon V, Lekòl Leta Miami-Dade County, onore katreven en elèv nan yon seremoni madi 3 out 2010 nan Lekòl Mwayen Southwood.  Evènman sa a se te somè aktivite nan Enstiti Toune Kolèj la ki te fèt ete sa a.

Doktè Lawrence Feldman, Manm Komisyon Konsèy Lekòl, Distri 9 di, "Se te vrèman yon okazyon kè kontan.  Nou te fè patenarya ak sektè prive a e ramanse yon total $31,000 bous etid pou elèv sa yo."

Sant Rejyon V, Lekòl Leta Miami-Dade County, te jwenn posiblite pou fè vizyon Doktè Feldman nan, ki se ofri yon Enstiti Toune Kolèj Ete pou tout timoun nan Rejyon V ak Distri 9, vin tounen yon reyalite.  Doktè Feldman te apwoche administrasyon Rejyon V la avèk plan sa a, li te deja aplike l lè li te direktè nan Sant K-8 Devon Aire.  Objektif Enstiti Ete Toune Kolèj la, se pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak demand antre nan inivèsite/kolèj ak estrateji pou prepare yo pou pwosesis aplikasyon kolèj la.  Chak Sant K-8 ak lekòl mwayen nan Rejyon V te reprezante nan Enstiti Toune Kolèj la. 

Nòt Editè a:  Fto Atache.

College Tour Institute

Elèv yo ap rakonte odyans la eksperyans yo pandan Enstiti Toune Kolèj la.  Soti agoch  ale adwat: Joshua Cave, Saniya Young, Ponce Jones ak Katherine Heldt.

 

###

10-JS/218/GC

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès