|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 6 out 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
MALGRE ANÒMALI DONE YO, PÈFÒMANS LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY DEPASE MWAYÈN TOUT ETA YO
MIAMI – Lekòl nan Lekòl Leta Miami-Dade County depase mwayèn tout eta a pou ane lekòl 2009-10 la, daprè enfòmasyon “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) pibliye jodi a. Yo te fè pwogrè sa a malgre anòmali nan done pwogrè enstriksyon yo, ki ka gen yon efè negatif nan nòt pèfòmans lekòl atravè eta a. Anplis, done FLDOE yo manke pou pran an konsiderasyon kokenn evidans akonplisman elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M DCPS) satisfè wo nivo estanda nan “National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal Pwogrè Edikasyon) ak pwogrè elèv yo nan FCAT ki depase elèv nan tout eta a.
Done FLDOE yo ki te retade pou plis pase sis semèn, endike:
- 76 pousan tout lekòl M-DCPS te mentni oubyen te ogmante Nòt Pèfòmans Lekòl yo soti 2008-09 rive 2009-10, konpare ak sèlman 72 pousan nan tout eta a.
- Kantite lekòl mwayen M-DCPS ki resevwa yon “A” te ogmante de 36 pou 2008-09 pou 38 rive 2009-10.
- Nan nivo elemantè, pou site pwoblèm pwogrè elèv, 33 pousan lekòl atravè eta a eksperimante yon deklen, konpare ak 25 pousan nan Distri a.
- Pandan kantite lekòl ki resevwa “F” double e triple nan lòt distri lekòl, lekòl M-DCPS ki resevwa “F” diminye de uit pou senk. Kantite Lekòl Charter nan Miami-Dade ki resevwa yon “F” ogmante de de (2) pou senk.
- Nan Lekòl “Differentiated Accountability (DA)” (Lekòl Responsablite Diferansyèl) ki te resevwa Nòt Pèfòmans Lekòl, kat te amelyore owmen yon nòt lèt, e twa te rete estab soti 2008-09 rive 2009-10.
- Plis pase twaka nan lekòl segondè Distri yo te resevwa pwen eleman FCAT nan ranje ki pi wo yo itilize pou detèmine estati DA yo.
Nan yon konferans tefonik maten an, Komisyonè edikasyon Florid la Eric J. Smith te rekonèt povrete ak yon deklen nan finansman te jwe yon pati nan nòt pèfòmans lekòl ane sa a. Obsèvasyon sa a enpòtan, lè nou konsidere nivo aktyèl fon Miami-Dade ki soti nan eta a diminye nan nivo 2004, pandan povrete nan Miami-Dade te ogmante soti 73 pousan pou 82 pousan. Epi, nan konferans telefonik maten an, sipèentandan distri yo te mande FLDOE pou diminye enpòtans pwogrè nan enstriksyon nan done nòt pèfòmans lekòl yo.
Yo te deja note anòmali nan done Eta a, ki fè li pi evidan pou obsève sa toujou pandan akonplisman elèv yo ogmante nan FCAT la, yo rapòte pwogrè enstriksyon diminye.
Deklen nan pwogrè elèv, ki te kontribye mwatye nan pwen nan kalkilasyon Nòt Pèfòmans Lekòl, yo te site kòm pwoblèm prensipal nan demand pou yon verifikasyon endepandan nòt FCAT ak sistèm responsablite a. FLDOE te rekonèt volatilite nan mezi sa a, de ane an ane, sepandan pwogrè elèv toujou rete nan kalkilasyon an.
Analiz preliminè nan rezilta FCAT yo te jenere konesans eta a sou anòmali nan done yo, ki te kapab sibtansyèlman afekte Nòt Pèfòmans Lekòl yo, atravè eta a. Kòm rezilta, “Florida Association of District School Superintendents (FADSS)” (Asosyasyon Sipèentandan Distri Lekòl Florid) te mande FLDOE pou yon revizyon konplè rezilta nòt yo pa yon òganizasyon endepandan. Se pwogram “Human Resources Research Organization (HumRRO)” (Òganizasyon Rechèch Resous Imèn), ki te fè revizyon FCAT la, yon òganizasyon ki gen yon lyezon kontwovèsyal ak konpayi egzamen ki te an difikilte a, Pearson Assessment, ak Sant pou Evalyason an. Malerezman, rapò yo te pibliye resamman an (ki disponib nan http://www.fldoe.org/schoolgrades.asp) te manke pou adrese anpil nan enkyetid Distri yo te idantifye, e FLDOE te avanse avèk difizyon Nòt Pèfòmans Lekòl yo nan moman sa a.
###
10/JS/220/JS/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |