Lekòl Leta Miami-Dade County ap revise plan pou yon nouvo lekòl segondè ki lokalize nan Bilding Anèks Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la. Akademi iPrep la pral ofri elèv yon anviwònman rich an teknoloji nan bay chak elèv yon òdinatè “laptop” (pòtab) pou itilize nan yon kanpous ki genyen yon rezo “wi-fi” konplè e lakay.
MAST @ Homestead se yon akademi magnèt sèlman ki ofri yon kourikoulòm rigoure ki souliyen panse kritik pandan elèv ap pran kou espesyalize nan sijè tankou anatomi. Elèv pral gen yon opòtinite pou yo gen aksè a meyè pwogram lekòl segondè avèk pwogram avanse nan domèn Biyomedikal, Syans Famasetik ak Terapi Fizik. |