|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 10 out 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
FIU, M-DCPS METE FÒS YO ANSANM, KONFWONTE DEFI EDIKASYON PIBLIK NAN ZÒN IBEN
MIAMI Lidè nan Lekòl Leta Miami-Dade ak "Florida International University (FIU)" (Inivèsite Entènasyonal Florid) tabli yon gwoup travay pou idantifye e ranfòse chak òganizasyon pou benefisye elèv ak fanmi yo atravè Dade County.
Prezidan FIU Mark B. Rosenberg te di, "Yon patenarya M-DCPS - FIU kab yon modèl nasyonal ki demontre pouvwa ak benefis de (2) gran enstitisyon edikasyonèl ki ap travay kolaborativman pou byennèt kominote a."
Rosenberg ak yon gwoup vis prezidan, dwayen ak pwofesè nan FIU te rankontre Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto Carvalho ak manm ofisye wograde nan ekip li, 5 out la pou te fòmalize yon relasyon ki ap agrandi depi plizyè ane, kòm evidans nan plis pase 50 pwojè kolaboratif ki dirèkteman afekte plis pase 25,000 elèv anyèlman. Pi-resamman, Rosenberg ak Carvalho patisipe nan yon seri reyinyon kominotè sou finansman pou edikasyon nan nivo siperyè.
Carvalho te di, "patenarya sa a natirèl paske de fòs ant M-DCPS ak FIU absoliman pafè: yon gwo pousantaj elèv FIU te gradye nan M-DCPS e plizyè pwofesè nou yo se "alumni" (ansyen elèv) FIUŠ Sa se yon estrateji patenarya ant de enstitisyon potomitan ki va benefisye kominote nou an."
Pami lòt bagay, ekip lidè yo dakò pou fòme plizyè gwoup k ap travay ansanm pou pwomote siksè atravè ogmante aktivite anwòlman doub, kowòdone atikilasyon, estaj klinik, ak prevansyon vyolans. Inivèsite a ak distri lekòl la tou ap kolabore pou amelyore preparasyon teknik pwofesè yo ak yon presizyon espesyal pou devlopman "STEM (Science, Technology, Engineering, and Mathematics)" {Syans, Teknoloji, Jeni, ak Matematik}. FIU ak M-DCPS pral kolaborativman devlope yon ajanda rechèch ki ap benefisye toude òganizasyon yo. Distri a ak inivèsite a dakò pou rankontre chak kat mwa e sèvi ak yon apwòch kolaboratif pou jwenn bous eta a e federal, finansman deyò e kominikasyon.
Kèk nan pwojè kolaboratif ki ap kontinye ant distri lekòl la ak FIU gen
ladan:
"The Academy for Advance Academics (AAA)" Akademi pou Akademik Avanse).
Elèv nan AAA enskri nan kou pwofesè FIU anseye e chita soukote elèv ki poko gradye kolèj nan Kanpous Modesto A. Maidique, e bati orè klas yo daprè etid ki enterese yo. Anplisdesa, elèv ki patisipe nan kou Plasman Avanse nan kou nivo kolèj se pwofesè nan lekòl segondè ki anseye yo e yo ofri yo opòtinitte pou fini dezan kolèj letan pou yo gradye lekòl segondè.
Elèv FIU travay soukote elèv ak anplwaye M-DCPS.
Kolèj Onè FIU, pa egzanp adopte Lekòl Elemantè Sweetwater. Elèv nan FIU travay kòm volontè nan Pwogram Atletik pou Jèn Fi nan katriyèm ak senkyèm ane eskolè, dirije edikasyon Everglades e fè sware kiltirèl pou elèv, paran, ak kominote a.
EDIKASYON PREPARASYON LIDÈ E ETID METRIZ. Sant pou prepare lidè resamman fini tout yon semèn, pwogram entansif pou direktè/tris nan lekòl elemantè, mwayen e segondè pou anseye teknik lidè ki fè prèv. Akademi direktè/tris la posib gras a bous Fondasyon John S. James L. Knight. FIU asire tou yon bous ki soti nan Depatman Edikasyon U.S., pou fonde diplòm Metriz Edikasyon nan zòn Iben pou pwofesè Espanik nan lekòl ki ap pèfòme ba ak diplòm doktora pou direktè ak administratè yo.
Konsènan Lekòl Leta Miam-Dade County
Lekòl Leta Miami-Dade County se katriyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a.
Distri a ofri yon sèvis edikasyonèl apwopriye total pou timoun nan lavi yo byen bonè, nivo ane eskolè klas matènèl - rive 12yèm ane eskolè e pwogram edikasyonèl adilt/vokasyonèl. Sa gen ladan edikasyon akademik debaz, regilye e anrichi, edikasyon espesyal pou timoun ki gen andomajman, edikasyon vokasyonèl e plizyè pwogram endividyèl. Misyon distri a, kòm yon ekip, se pou ofri e sipòte nivo edikasyon kalite piwo pou dives kominote ak timoun e adilt ki ap aprann.
Konsènan Florida International University Inivèsite Entènasyonal Florid se youn nan 25 pi gwo inivèsite nan peyi a, ki depase 40,000 elèv. Prèske 130,000 ansyen elèv FIU abite e travay nan Sid Florid la. Kolèj ak lekòl li yo ofri plis pase 200 pwogram bachelye, metriz e doktora nan domèn tankou jeni, relasyon entènasyonal e lwa. Kòm youn nan enstitisyon potomitan nan Sid Florid, FIU lwen devan nan angajman lokal e global pou jwenn solisyon pou pwoblèm ki bay pi gwo defi nan epòk nou an. FIU konsantre sou rechèch kòm yon pati prensipal nan misyon li. Ouvè kolèj Herbert Wertheim pou lamedsin ann out 2009 la amelyore abilite inivèsite a pou kreye chanjman pozitiv e dirab nan kominote nou an.
Pou plis enfòmasyon sou FIU, vizite http://www.fiu.edu/.
###
010-JJS/223/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |