|
SANT ENSTRIKSYON TIMOUN ANBAZAJ “MLK” AP AKSEPTE APLIKASYON KOUNYE A MIAMI – Sant Enstriksyon Timoun Anbazaj “MLK” ap aksepte aplikasyon kounye a pou tout kominote yo pou ane lekòl akademik 2010 – 2011 pou elèv ki gen 4 an. Lekòl la lokalize nan 7124 N.W. 12 Avenue. Klas yo ap kòmanse lendi 23 out 2010. Yo ankouraje paran pou enskri pitit yo nan pwogram enstriksyon anrichisan san parèy sa a. Paran dwe pote sètifika VPK yo, batistè timoun nan, prèv egzamen sante ak prèv vaksen sante. Pwogram nan ap ofri swen anvan ak apre lekòl pou timoun yo. Pou plis enfòmasyon, silvouplè, kontakte lekòl la nan 305-836-0928. ### 10-JJS/226/DF/RL
|