|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 10 out 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN CARVALHO VWAYAJE AL WASHINGTON POU KOUS POU ANTÈT, KÒMANTÈ SOU PWOJÈ LWA ANPLWA $26 MILYA
MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho te vwayaje al Washington DC, pou prezantasyon “Race to the Top” (Kous pou Antèt) Florid nan Depatman Edikasyon Etazini ki te pwograme pou mèkredi 11 out.
Sekretè Depatman Edikasyon Etazini Arne Duncan te nonmen Florid kòm yon finalis nan 2yèm Faz Konpetisyon Kous pou Antèt federal la 27 Jiyè. Yo te mande Sipèentandan Carvalho pou l fè pati ekip prezantasyon an, ki gen ladan Gouvènè Florid Charlie Crist; Komisyonè Edikasyon Eta a Eric J. Smith ak Prezidan Asosyasyon Edikasyon Florid Andy Ford.
Pandan li te nan Washington, Carvalho te pale ak “PBS’s Nightly Business Report” konsènan yon pwojè lwa $26 milya pou anplwa Chanm Reprezantan Etazini te pase Jodi a. Pwojè lwa anplwa sa a deziyen $544 milyon dola pou Florid, kote Miami-Dade kapab resevwa $72 milyon dola, ki baze sou chif aktyèl anwolman lekòl.
Carvalho di “Nightly Business Report,” “nan Florid, timoun yo viktim resesyon an. Nou nan yon pwen kote falèz la devan nou, e kounye a, si fon sa a pa rive, nou pap ka pwobableman re-anplwaye apeprè 800 pwofesè—nouvo pwofesè—kèk nan sa ki pi kalifye, enèjik, motive, pou yo retounen nan salklas."
Depatman Edikasyon Etazini patwone Kous pou Antèt la pou founi $4.35 milya dola bay eta a ki abouti a plan anbisye ki reyalizab, pou egzekisyon refòm edikasyon konplè ki konsistan, fasinan e konpreyansif. Yo te chwazi Florid, youn nan 16 finalis pou Faz 1 Fon Kous pou Antèt la, yo te ba li katriyèm pi gwo kantite pwen pou aplikasyon li a. Gen $3.4 milya ki rete disponib pou eta yo pou Faz 2 fon Kous pou Antèt la. Si yo chwazi pwopozisyon Florid la, Florid kapab resevwa jiska $700 milyon dola nan fon federal pou egzekisyon plan refòm edikasyon konpreyansif yo devlope lokalman.
###
10-JS/227/TS/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |