POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 12 out 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS PREZANTE DE NOUVO AKADEMI:
iPREP, M.A.S.T. @HOMESTEAD MEDICAL MAGNET

Lekòl Leta Miami-Dade County ap lanse de nouvo akademi espesyalize otòn sa a: Akademi iPrep ak “Medical Akademy for Science and Technology (M.A.S.T.) @ Homestead Medical Magnet” (Akademi Medikal pou Syans ak Teknoloji nan Magnèt Medikal Homestead).  Toude gen pou ouvri nan ane lekòl 2010-2011 la.

Akademi iPrep, yo konsidere kòm yon lekòl segondè pou nouvo milenè a, pral ouvri nan sant biznis, kiltirèl ak ekonomik nan kè lavil Miami ane lekòl sa a pou elèv k ap antre nan 11yèm ane eskolè.  Akademi iPrep pral ofri yo yon kourikoulòm rigoure ki konpoze ak kou onè e kou plasman avanse, ak enstriksyon dinamik ki vize ladrès pou dirije ak kapasite pou rezoud pwoblèm.  Elèv yo pral genyen yon koneksyon dirèk ak kominote biznis vibran Miami an, ki pral pèmèt yo gen anpil opòtinite pou fè estaj nan endistri prive ak gouvènman lokal.  Yo pral entegre aktivite pratik ak eksperyans mond reyèl la kòm eleman travay yo fè nan klas chak jou.

M.A.S.T. nan Magnèt Medikal Homestead ap ouvri pòt li ann otòn sa a pou elèv k ap antre nan 9yèm ane eskolè, ki pral gen opòtinite pou etidye pwogram avanse nan domèn Sèvis Byomedikal, Famasi, ak Terapi Fizik ki pral prepare elèv pou yo travay nan ekonomi global la kote gen gwo demand nan domèn sa yo.

Pou yo ka akonpli objektif lekòl la, pral genyen yon apwòch entèdisiplinè pou enstriksyon syans medikal/sante, teknoloji, matematik, ak redaksyon/lekti.  Elèv pral enskri nan kou nivo kolèj/inivèsite atravè pwogram anwolman doub e yo pral patisipe nan estaj nan domèn byomedikal (branch la ap ouvri ann Otòn 2011), terapi fizik, ak famasi.  Atravè estaj sa yo, elèv yo pral fè eksperyans travay avèk pwofesyonèl medikal/swen sante, yo pral asiste ak travay sou teren an, e yo pral kominike avèk chèchè e tout kominote a an jeneral.

Pandan ane lekòl 2010-2011 la, M.A.S.T. nan Magnèt Medikal Homestead pral lokalize nan Sant K-8 Gateway, 955 S.E. 18 Avenue, Homestead, FL 33035.  Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, kontakte 305-257-4500 oubyen http://mastmedical.dadeschools.net.

Akademi iPrep la pral lokalize nan Anèks Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la, 1500 Biscayne Blvd.  Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, kontakte 305-995-1928 oubyen vizite miamimagnets.org oubyen http://iprep.dadeschools.net.

###

10-JS/229/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès