POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 out 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

AKADEMI PREPARATWA K-8 CORAL GABLES AP OUVRI PÒT LI
POU ANE LEKÒL 2010-2011 LA

Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Majistra Don Slesnick, ak lòt diyitè yo eli e nonmen, administratè lekòl, ak lidè kominotè te patisipe maten an nan yon seremoni koupe riban ki kòmanse konvèsyon Lekòl Elemantè Coral Gables pou Akademi Preparatwa K-8 Coral Gables ki pwograme pou ouvri pòt li pou fonksyònman atan pou ane lekòl 2010-2010 la.

Sipèentandan Carvalho pandan li t ap patisipe nan seremoni koupe ribon akademi ki fèk kreye a di, “konvèsyon Lekòl Elemantè Coral Gables pou Akademi Preparatwa K-8 Coral Gables ap bay elèv yon pwogram enstriksyonèl kontini ki pral finalman akonpli, pou premye fwa, yon baz pou kontinyasyon kolèj.”

Yo te kreye Akademi Preparatwa K-8 Coral Gables la pou ofri yon estrikti pou 6yèm a 8yèm ane eskolè nan Sant Edikasyonèl Merrick.  Elajisman sa a asire elèv lekòl elemantè ap ka kontinye anviwònman akademik solid ki rich an teknoloji absòbe avèk yon pwogram lang ki ap pèmèt yo vin bileng ak gen konesans nan de lang lè y ap antre nan lekòl segondè.

Anplis yon kourikoulòm ki solid nan matyè debaz yo, yo ap absòbe elèv k ap antre nan sizyèm ane eskolè avèk ansèyman Espayòl nan nivo regilye ak avanse, nan ofri yo ladrès lang yo bezwen pou jwenn siksè nan ekonomi mache jodi a.  Kòm yon eleman Pwogram Akademi Coral Gables la, ansèyman yon lang etranje ap fè l posib pou elèv k ap gradye nan akademi a pou yo antre nan Pwogram Etid Entènasyonal e/oubyen Bakaloreya Entènasyonal y ap anseye aktyèlman nan de lekòl segondè vil la.  Pwogram sa yo espesyalman benefik a elèv ki vle pousuiv yon edikasyon ki baze sou estanda akademik toude sistèm edikasyonèl, Etazini ak Inyon Ewopeyen.

 

###

10-JS/231/TC/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès