|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 19 out 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
ELÈV LEKÒL ELEMANTÈ REDLAND AP RESEVWA SAK LEKÒL, FOUNITI KLASIK NAN MEN “DISCOVERY COMMUNICATIONS,” 23 OUT A 1È NAN APRÈMIDI
|
Plis pase 850 elèv Lekòl Elemantè Redland, ekip “Discovery Communications” la, paran ak anplwaye lekòl |
|
“Discovery Gets Packing” – chak elèv ap resevwa yon sak lekòl tounèf ranpli ak founiti klasik tankou, yon klasè ak twa twou, yon pake 24 kreyon koulè, yon bwat sèvyèt papye, kèlke separatè; yon bwat 12 kreyon; yon gòm, ak yon baton kòl. |
KILÈ: |
Lendi 23 out
LÈ A CHANJE POU: 1è nan aprèmidi
|
KI KOTE: |
Redland Elementary
24501 S.W. 162nd Ave.
Homestead, FL 33031
|
POUKISA: |
Depi pwogram nan kòmanse an 2008, Discovery bay lekòl yo chwazi nan yon kantite vil atravè peyi a ki gen gwo kantite elèv ki pa gen mwayen ekonomik 3,500 sak lekòl. Bi a se pou tout elèv kòmanse nouvo ane lekòl la sou yon bon nòt.
|
KONTAKTE: |
Pou plis enfòmasyon, kontakte Cory Rodriguez, Direktè, Lekòl Elemantè Redland, nan 305-247-8141. |
# # #
10-JS/236/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |