POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 20 out 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO AP VIZITE LEKÒL YO
NAN OUVÈTI LEKÒL

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak ofisyèl Distri a

KISA:
Sipèentandan Carvalho nan Jounen Ouvèti Lekòl
KILÈ: 

Lendi 23 out 2010

KI KOTE: 

Diferan lekòl atravè Distri a

POUKISA:

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade County Alberto M. Carvalho pral vizite plizyè lekòl Miami-Dade County lendi 23 out, jou ouvèti lekòl pou lekòl leta.

Anplis lòt vizit, Sipèentandan an ap nan Lekòl Elemantè Phyllis Ruth Miller, 840 N.E. 87 St., Miami, 33138 a 7:55 nan maten.  Li prale tou nan yon aktivite bay sak lekòl “Discovery Education” ap fè nan Lekòl Elemantè Redland, 24501 S.W. 162 Avenue, Miami, 33031 a 1è nan aprèmidi.
Distri lekòl la ap ouvri plizyè nouvo lekòl ane sa a, ki gen ladan M.A.S.T. @ Homestead, 955 S.E. 18 Avenue, Homestead, FL 33035, kote elèv pral gen opòtinite pou yo etidye pwogram avanse nan domèn sèvis byomedikal, famasi, ak terapi fizik; International Studies Preparatory Academy (ISPA), 2705 S.W. 3 Street, Miami, FL 33135, ap pèmèt elèv etidye matyè debaz ann Anglè e resevwa jiska twa zèdtan enstriksyon an Fransè, Italyen, oubyen Espayòl; Mathematics Academy at Carol City Senior High School, 3422 N.W. 187 Street, Opa Locka, FL 33056, ap bay elèv opòtinite pou yo patisipe nan kou nivo kolèj atravè anwolman doub ak estaj nan domèn sa yo.  Elèv ap gradye ak kredi kolèj, e iPrep Academy, 1500 Biscayne Blvd. Miami, FL 33132, yo konsidere kòm lekòl segondè pou nouvo milenè a, ap ofri elèv yo yon kourikoulòm rigoure ki konpoze ak kou onè e plasman avanse, ak enstriksyon dinamik ki vize ladrès pou lidè ak rezoud pwoblèm.

KONTAKTE:
Òganizasyon medya ki enterese nan fè yon repòtaj sou lekòl sa yo dwe kontakte Biwo Relasyon Piblik nan 305-995-1126.  

# # #

010-JJS/237/VVL/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès