POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 23 out 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AKEYI ELÈV K AP RETOUNEN LEKÒL POU ANE LEKÒL 2010-2011 LA

MIAMI ­ Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ouvri pòt li pou plis pase
342,000 elèv jodi a, ki make yon jou ouvèti lekòl ki trè pwodiktif, ranpli ak enstriksyon pou ane akademik 2010-2011 la. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te kòmanse matine a ak monte yon otobis lekòl avèk elèv pou ale nan Lekòl Elemantè Phyllis Ruth Miller.
 
Sa ki tounèf ane sa a se Akademi iPrep Distri a yo t ap tann anpil la.
iPrep, yo konsidere kòm yon lekòl pou nouvo milenè a, lokalize nan sant biznis, kiltirèl, ak ekonomik Miami avèk salklas nan bilding administratif Distri a lavil. Lekòl magnèt la ofri elèv aksè a teknoloji dènye kri, ak kou onè e plasman avanse avèk enstriksyon dinamik ki vize ladrès pou dirije e rezoud pwoblèm.
 
Carvalho di, "iPrep se sèlman kòmansman an.  Nou ap bay elèv nou yo yon edikasyon 21yèm syèk avèk ladrès ki ap fè yo konpetitif pou karyè nan domèn trè rechèche."
 
Distri a te ouvri de lòt lekòl magnèt, "International Studies Preparatory Gables" (Etid Entènasyonal Preparatwa Gables) nan Coral Gables ak "Medical Academy for Science and Technology (M.A.S.T.) @ Homestead" (Akademi Medikal pou Syans ak Teknoloji nan Homestead).  Yo ap aksepte aplikasyon pou pwogram magnèt sa yo nan www.dadeschools.net.
 
Nan aprèmidi, Sipèentandan Carvalho te patisipe nan yon evènman distribisyon sak lekòl nan Lekòl Elemantè Redland ³Discovery Communications² te patwone.
Elèv yo te resevwa sak lekòl tounèf ranpli ak founiti klasik, tankou yon klasè a twa twou; yon pake 24 kreyon koulè; yon bwat mouchwa an papye, yon kantite separatè; yon pake 12 kreyon; yon gòm, ak yon baton lakòl.
 
Carvalho di, "Discovery se yon kokenn patnè pou distri lekòl la.  Se patenarya konsa ki ofri kalite resous timoun nou yo bezwen pou yo grandi akademikman." 

Sipèentandan Carvalho te vizite plizyè lekòl atravè county a tankou, Sant Enstriksyon Primè Distri a, Lekòl Elemantè Phyllis Ruth Miller, Lekòl Mwayen Brownsville, Lekòl Mwayen Howard Doolin, ak Lekòl Segondè Carol City.
 
Carvalho di, "Sa se te yon kokenn siksè pou premye jou retou lekòl.  Gras a travay di avèk pwofesyonalis chak anplwaye, elèv ak paran nou yo te pase yon trè bon premye jou.  Meyè anplwaye yo se nan Lekòl Leta Miami-Dade County yo ye, e jodi a yo demontre li."

 

###

10-JJS/238/TR/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès