POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 24 out 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO SELEBRE VIKTWA APLIKASYON
FLORID LA NAN KONPETISYON POU JWENN PLIS FON AN

MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho te selebre viktwa aplikasyon Florid nan “Race to the Top” (Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon) federal avèk manm gwoup travay lokal ki te ede pwomote yon gran sipò pami moun ki gen enterè nan kominote a pou aplikasyon eta a.

Carvalho di, “Sa se yon jou tout Floridyen kapab fyè… Nou te travay ansanm pou nou atenn menm objektif, avèk rezilta ki pral benefisye elèv nou yo–moun ki se avni nou.”

Florid elijib pou resevwa $700 milya nan Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon federal nan entèval katran.  Selon aplikasyon Florid fè pou jwenn don an, y ap sèvi avèk fon yo pou ogmante reyalizasyon elèv; redui diferans reyalizasyon ant sou-gwoup yo nan lekti/redaksyon ak matematik; ogmante pousantaj gradyasyon nan lekòl segondè; e ogmante kantite elèv ki antre nan kolèj ak elèv ki fini omwen yon ane kredi kolèj yo ka aplike nan yon degre nan espas dezan anwolman nan yon enstitisyon edikasyon siperyè.

Yo te nonmen Sipèentandan Carvalho, atravè yon dekrè lwa, pou li dirije Gwoup Travay Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon an nan Florid.  Anba direksyon Carvalho, gwoup travay la te revize “Memorandum of Understanding (MOU)” (Akò sou Konpreyansyon) an ki sipòte aplikasyon eta a nan Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon an, e li te travay pou pwomote yon gran sipò pami moun ki gen enterè nan kominote a pou aplikasyon an.   

Pami gwoup travay Miami-Dade la te genyen Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade Perla Tabares Hantman; Manm Komisyon Konsèy Edikasyon Florid Roberto Martinez; Prezidan UTD Karen Aronowitz; Prezidan e Ofisye Egzekitif Anchèf Chanm Komès Gran Vil Miami Barry Johnson; Ansyen Prezidan PTA/PTSA Miami-Dade Mindy Gould; Meyè Pwofesè pou Ane a nan Miami-Dade Cristine O’Hara; Ansyen Meyè Pwofesè pou Ane a nan Miami-Dade Patricia Fairclough; ak Elèv Lekòl Segondè Hialeah Abel Iraola.

Depatman Edikasyon Etazini patwone Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon an ki ap bay $4.35 milya a eta ki ap pran devan nan devlope plan ki dinamik men ki reyalizab pou yo ka aplike refòm edikasyon ki rasyonèl, solid e konpreyansif.  Yo te chwazi Florid kòm youn nan 16 finalis pou Faz I Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon an, paske li te fè katriyèm pi gwo pwen pou aplikasyon li a.   

###

10-JJS/240/JS/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès