|
YO APWOUVE M-DCPS KÒM YON FOUNISÈ SES Kòm rezilta Akò Federal 2001 Okenn Timoun Pap Ret Deyè (NCLB), timoun ka resevwa èd akademik anplis nan sijè tankou lekti, redaksyon/lekti, matematik ak syans. Leson patikilye gratis sa a disponib si yo idantifye lekòl timoun kòm "bezwen amelyorasyon." Elèv ki prale nan lekòl Title I ki elijib yo, e ki resevwa manje gratis oubyen nan pri redui, elijib pou patisipe nan pwogram Leson Patikilye SES la. Yo bay SES andeyò jounen regilye lekòl (anvan e aprè lekòl oubyen lè wikenn). Se Founisè Eta Florid la apwouve ki ofri pwogram SES leson patikilye a, gratis pou paran an. Pou ane lekòl 2010-2011 la, yo apwouve Lekòl Leta Miami-Dade (M-DCPS) kòm yon Founisè Sèvis Edikasyonèl Siplemantè (SES) eta a apwouve pou Distri nou an (Kòd Pwogram Founisè SES M-DCPS la se 0349). Kòm yon Founisè SES eta a apwouve, pwogram Founisè SES M-DCPS la (Kòd Founisè 0349) ap founi leson patikilye gratis, pèsonalize pou elèv ki kalifye ak bonjan benefis sa yo.
Pou enfòmasyon sou Pwogram Founisè SES M-DCPS la (Kòd Founisè 0349), silvouplè kontakte lekòl pitit ou a, oubyen rele 305-995-7563. Paran ki enterese enskri pitit yo nan SES dwe ranpli e remèt yon fòm enskripsyon nan lekòl pitit yo, oubyen atravè paj Entènèt “No Child Left Behind” (Okenn Timoun Pat Ret Deyè) a nan http://nclbchoice.dadeschools.net/, anvan 4: 30 nan aprèmidi 17 septanm 2010. Pou plis enfòmasyon sou SES nan Miami-Dade County, silvouplè kontakte lekòl pitit ou a, oubyen rele NCLB Opsyon Chwa Parantal nan 305-995-4549. ### 10-JS/242/HD/SD
|