|
M-DCPS, OFISYÈL VIL OPA-LOCKA VIZITE LEKÒL ELEMANTÈ NAN ZÒN NAN Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak ofisyèl ki soti nan Vil Opa-Locka te patisipe nan Vizit Edikasyonèl Kominotè 2010-2011 la maten an lè yo te vizite Lekòl Elemantè Doktè Robert B. Ingram ak Nathan B. Young pou ofri moun ki konsène yo opòtinite pou yo vizite lekòl yo e gade deprè amelyorasyon ak akonplisman edikasyonèl yo.
Vizit Kominotè Edikasyonèl – (soti goch ale dwat) Komisyonè Opa-Locka Rose Tydus; Direktris Lekòl Elemantè Doktè Robert B. Ingram, Doktè Susan McEachin; Majistra Opa-Locka Joseph L. Kelley; elèv Luis Sanchez; Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho; elèv Erick Sanchez; Manm Komisyon Konsèy Lekòl Wilbert “Tee” Holloway; elèv Kiara Pemberton-Murphy ak Komisyonè Opa-Locka Dorothy Johnson.
### 10-JS/244/HD/RL
|