|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 3 septanm 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
POLIS LEKÒL LETA MIAMI-DADE AP LANSE
‘OPERATION SLOW YOUR ROLL’ SERI SATIRASYON TRAFIK, 7 SEPTANM
MIAMI— Depatman Polis Lekòl Miami-Dade pral lanse “Operation Slow Your Roll” (Operasyon Ralanti Vitès Ou) – yon seri sou detay satirasyon trafik pandan tout ane a nan zòn vitès lekòl leta yo – madi 7 septanm, kòmanse 7è dimaten pou 10è dimaten, e li ap fèt ankò kòmanse 1è nan aprèmidi pou 4è nan aprèmidi nan lekòl leta Miami-Dade atravè county a. Sant Kòmand Mobil Depatman an ap nan American Senior High, 18350 N.W. 67 Ave., Hialeah.
Ojektif operasyon an se pou pwoteje elèv yo ak chofè ki danjere, agresif e neglijan nan satire zòn vitès lekòl yo atravè county a ak prezans polis nan moman ouvèti ak fèmti lekòl yo.
Depatman polis nan plis pase 30 minisipalite nan Miami-Dade County tou pran angajman pou patisipe nan operasyon sa yo pandan tout ane a. Objektif evènman an senbolize nan eslogan, “Every Cop…Every Kid” (Chak Polis…Chak Timoun), e li fèt pou pwoteje chak lekòl nan kominote a.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Sèjan Ivan Silva, Ofisye Enfòmasyon Polis, Depatman Polis Lekòl Miami-Dade, nan 786-256-9775 oubyen pa lèt elektwonik Isilva@dadeschools.net.
###
10-JS/246/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |