POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 9 septanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 


YO ENVITE SIPÈENTANDAN CARVALHO POU PATISIPE NAN SOMÈ NASYONAL SOU EDIKASYON NAN VIL NEW YORK

MIAMI - Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho ap pami oratè distenge ak meyè edikatè ki pral patisipe nan yon pwochen somè edikasyon nan Plaza Rockefeller nan Vil New York.  Somè a ap fèt 27 pou 28 septanm 2010.  “NBC News” ap prezante “Education Nation” (Edikasyon Nasyon an), ki pral difize nasyonalman yon konvèsasyon apwofondi osijè amelyorasyon edikasyon ann Amerik.  Somè de jou an se yon apèl pou aksyon pou konfwonte defi nan edikasyon e aksantye sou opòtinite eksitan pou refòm inovatif.

Pami lòt envite nan panèl la genyen Sekretè Edikasyon Ameriken Arne Duncan, Majistra Vil New York Michael Bloomberg, Ofisye Egzekitif Anchèf Harlem Children’s Zone Geoffrey Canada, Gouvènè Delaware Jack Markell, Gouvènè Minnesota Tim Pawlenty, Prezidan MIT Susan Hockfield, Militan Dwa Sivil Al Sharpton, ak yon envite pami pi gwo lidè nan edikasyon.

Sipèentandan Carvalho di, "Pandan plizyè ane, sitiyasyon lidè edikasyon Miami yo te fè fas te sèvi kòm prekisè defi distri lekòl yo atravè peyi a ap fè fas kounye a. Konferans sa a se yon bèl opòtinite pou mete sitiyasyon aktyèl ak solisyon posib yo sou tab la e asiste lidè edikasyon ki soti atravè peyi a pandan n ap avanse ansanm.”

###

010-JJS/247/TR/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès