|
CHANM KOMÈS GRAN VIL MIAMI PRAL ONORE SIPÈENTANDAN CARVALHO MIAMI – Prim “Visionary Leader of the Year” (Lidè Vizyonè pou Ane a), Chanm Komès Gran Vil Miami prezante, ap onore Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto Carvalho pandan 21yèm repa prim Salitasyon Anyèl pou Lidè Miami yo ki ap fèt vandredi 8 oktòb 2010 nan Jungle Island, 1111 Parrot Jungle Trail. Pami lòt akonplisman, y ap onore Sipèentandan Carvalho pou angajman Lekòl Leta Miami-Dade County pou reyalizasyon akademik. Plis pase mwatye nan tout lekòl leta yo te resevwa yon nòt “A” pou responsablite baze sou evalyasyon pèfòmans Depatman Edikasyon Florid la. Anplis, nan ane lekòl sa a distri a te devwale plizyè nouvo lekòl inovatif ak pwogram enstriksyonèl, tankou iPrep, yon lekòl segondè pou nouvo milenè a ki ofri kourikoulòm rigoure avèk yon anviwònman rich an teknoloji; “Medical Academy for Science and Technology (M.A.S.T.) @ Homestead” (Akademi Medikal pou Syans ak Teknoloji nan Homestead), yon magnèt medikal ki ofri pwogram avanse nan domèn Biyomedikal, Sèvis Famasi, ak Terapi Fizik, ak “International Studies Preparatory Academy (I.S.P.A.) @ Gables” (Akademi Preparatwa pou Etid Entènasyonal nan Gables), yon pwogram ki bay elèv yon kourikoulòm kote elèv yo resevwa jiska twazèdtan enstriksyon nan Fransè, Espayòl, oubyen Italyen. Sipèentandan Carvalho di, “Sa se yon onè ki mèveye – pa sèlman pou mwen, men pou chak anplwaye distri lekòl nou an… Nou konsantre sou presizyon e sou yon bidjè ki baze sou valè ak inovasyon atravè efikasite, e sa demontre angajman nou pou bay timoun nou yon gran varyete opòtinite edikasyonèl malgre ensètitid ekonomik. Sa se yon onè mwen pataje avèk Komisyon Konsèy Lekòl la e yon ekip pwofesè avèk anplwaye eksepsyonèl ki devwe pou ekselans chak jou.” ### 10-JS/250/TR(SB)/CM
|