POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lundi 20 septanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO FINALIS POU PREMYE PRIM YO BAY NAN LISTWA POU LIDÈ DISTRI POU ANE A NAN JESYON DONE

Depatman Edikasyon Florid rekonèt senk sipèentandan kòm meyè lidè nan jesyon done

MIAMI – “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) nonmen Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho kòm youn nan senk finalis pou pwogram premye Prim yo bay nan listwa pou Lidè Distri nan Jesyon Done.  Yo te rekonèt senk finalis yo 15 septanm, pandan Konferans Otòn sou Fason Moun Dirije,   Asosyasyon Sipèentandan Distri Lekòl nan Florid te òganize pou fason egzanplè yo te dirije nan sèvi avèk done pou ogmante reyalizasyon elèv nan distri yo.  Y ap nonmen Sipèentandan gayan an 19 oktòb nan Tallahassee.      

Yo te rekonèt Sipèentandan Carvalho paske li te aplike yon pwosesis “Data Assessment & Technical Assistance/Coordination of Management (DATA/COM)” (Evalyasyon Done ak Asistans/Kowòdinasyon Teknik Jesyon) ki kontwole bezwen operasyonèl imedyat lekòl ki gen plis difikilte nan distri a, e  deplwaye resous pou fè fas ak kesyon kritik yo yon fason ki efikas e san pèdi tan.  Lòt sipèentandan finalis yo se: Bill Husfelt, ki nan Bay County, Tom Townsend ki nan Putnam County, Michael Lannon nan St. Lucie County, ak MaryEllen Elia nan Hillsborough County.

Yon komite seleksyon pral fè entèvyou avèk finalis yo e chwazi sipèentandan lekòl ki pi byen itilize estrateji rechèch done inovatif yo, ki chèche nouvo metòd ak opòtinite pou amelyore itilizasyon done yo, e devlope patenarya anndan kominote a pou ranfòse sipò ak itilizasyon sistèm done yo.  

FLDOE, an patenarya avèk Microsoft, te lanse pwogram nan ane sa a pou souliye wòl kritik lidè distri yo jwe nan sipòte e ankouraje itilizasyon done, e nan kominike aplikasyon done yo bay pwofesè, administratè, paran, elèv ak lòt moun ki enterese nan edikasyon.  

Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram prim nan, vizite:
www.fldoe.org/arm/1011ddlya.asp.

 

###

10-JS/251/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès