POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 28 septanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SERI KONSÈ SIPÈENTANDAN AN POU BENEFIS AP KONTINYE
9 0KTÒB

MIAMI – Kèk nan meyè elèv chantè nan Lekòl Leta Miami-Dade (M-DCPS) yo pral fè konpetisyon nan Seri Konsè Sipèentandan an pou Benefis samdi 9 oktòb a 2è nan aprèmidi nan Adrienne Arsht Center for the Performing Arts of Miami-Dade County, Knight Concert Hall, ki nan 1300 Biscayne Boulevard, Miami, FL 33132.

Titre "Best Voice? Your Choice!" (Meyè vwa? Fè Chwa w!) konsè a pral montre 12 nan vokalis distri lekòl la ki gen plis talan yo pandan yo ap fè konpetisyon pou vòt odyans la. Elèv gayan an pral resevwa yon sesyon anrejistreman nan estidyo lejandè “Hit Factory” e dejene avèk gayan prim pwodiktè/konpozitè mizik Rudy Perez e lekòl gayan an ap resevwa yon prim $5,000 pou pwogram ar lekòl la.  Pwofi ki fèt nan konpetisyon talan sa a pral benefisye pwogram edikasyon piblik yo.  Prezantatè prensipal pou NBC Miami Kevin Corke pral mèt seremoni an.

Pèfòmè yo se:
Henry Cedeno, New World School of the Arts
Janelly Perez, Coral Gables Senior High School
Christine Engelmann, Miami Springs Senior High School
Samuel Collie, Miami Northwestern Senior High School
Andy Acosta, School for Advanced Studies - North
Jazmin Lightbourn, Miami Carol City Senior High School
Giselle Martinez, Barbara Goleman Senior High School
Carmen Danger, Hialeah Gardens Senior High School
Candice Dawson, Coral Reef Senior High School
Nicole Bequer, South Dade Senior High School
Amanda Orihuela, Robert Morgan Educational Center
Zachary Lopez, Felix Varela Senior High School

Atravè “Foundation for New Education Initiatives” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) distri a, Konsè Sipèentandan an pou Benefis sipòte Pwogram Paspò Kiltirèl la, nan bay tout elèv Jadendanfan-12 ane eskolè yon diferan eksperyans nan domèn kiltirèl chak ane lekòl.  Anvan yon elèv gradye nan lekòl segondè, li ap deja vizite mize ak galri ar e fè eksperyans mizik andirèk, teyat, ak pèfòmans dans.

Patownè evènman an se The Adrienne Arsht Center for the Performing Arts of Miami-Dade County, “eInstruction,” Herff Jones, The Hit Factory-Criteria Miami, ak Pearson.

Tikè pou “Best Voice? Your Choice!” se $25 plis tout lòt frè ki aplikab e ou ka achte yo sou Entènèt nan www.arshtcenter.org oubyen rele Arsht Center Box Office nan 305-949-6722.

 

###

10-JJS/256/DF/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès