|
M-DCPS GENYEN DON $10 MILYON NAN KONPETISYON DON “TEACHER INCENTIVE FUND (TIF)” DEPATMAN EDIKASYON ETAZINI MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te pami 62 kandida ki soti nan 27 eta pou genyen konpetisyon don “Teacher Incentive Fund (TIF)”. “USDOE” (Depatman Edikasyon Etazini) ap ofri finansman pou premye dezan yo - yon total $422 milyon - pou yon pwogram $1.2 milya pou senkan, k ap chèche ranfòse pwofesyon edikasyon an nan rekonpanse ekselans, e atire pwofesè ak direktè nan zòn ki gen anpil bezwen e ki difisil pou jwenn anplwaye. Prim M-DCPS pou pwogram senkan an se $10 milyon. Yo ap sèvi ak don an pou devlope e egzekite yon sistèm konpansasyon ki baze sou pèfòmans - Inisyativ “CORE”: Kreye Opòtinite pou Rekonpanse Edikatè - nan uit lekòl elemantè ki gen anpil bezwen e k ap sèvi klas jadendanfan rive nan 5yèm ane eskolè. Li pral pèmèt lekòl yo rekrite, rekonpanse, e kenbe pwofesè ak administratè ki trè efikas yo bezwen pou angaje e anseye elèv yo pou yo reyisi malgre tout defi yo konfwonte. Pwojè a pral sèvi kòm yon pilòt pou chanjman nan lekòl sa yo, pandan l ap sipòte yon kilti amelyorasyon kontinyèl ki pral abouti nan ogmantasyon efikasite pwofesè ak akonplisman elèv. Se yon gwoup 60 revizè endepandan, ekspè nan domèn nan ki chwazi kandida gayan ane sa a. Yo te jije yo daprè grandè plan yo pou devlope, rekonpanse, e sipòte pwofesè ak direktè efikas nan lekòl ki gen anpil bezwen, baze sou evalyasyon ki gen ladan yo divès mezi, tankou devlòpman elèv. Ou ka jwenn yon lis gayan TIF sou Entènèt nan: Pou plis enfòmasyon, kontakte Iraida Mendez-Cartaya, Asistan Sipèentandan, Office of Intergovernmental Affairs, Grants Administration, and Community Engagement, nan 305-995-1497.
### 10-JS/257/HD/RL
|