POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 6 oktòb 2010       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

KONSÈ SIPÈENTANDAN AN POU BENEFIS, “BEST VOICE? YOUR CHOICE!”
AP FÈT 9 OKTÒB

KIYÈS: 
Sipèentandan Alberto Carvalho, Manm Komisyon Konsèy yo, administrate Lekòl Leta Miami-Dade County, elèv, paran, sitwayen ki enterese
KISA:

Konsè Sipèentandan an pou Benefis, “Best Voice? Your Choice!” (Meyè Wwa? Fè Chwa w!)

KILÈ: 

Samdi 9 oktòb 2è nan aprèmidi

KI KOTE: 

Adrienne Arsht Center for the Performing Arts of Miami-Dade County, Knight Concert Hall
1300 Biscayne Boulevard, Miami, FL 33132

POUKISA:

Titre "Best Voice? Your Choice!" “(Meyè vwa? Fè Chwa w!)” konsè a pral montre 12 nan vokalis distri lekòl la ki gen plis talan yo pandan yo ap fè konpetisyon pou vòt odyans la. Elèv gayan an ap resevwa $5,000 bous etid, yon sesyon anrejistreman nan estidyo lejandè “Hit Factory” e dejene avèk gayan prim pwodiktè/konpozitè mizik Rudy Perez.  Lekòl gayan an ap resevwa yon prim $5,000 pou pwogram ar lekòl la  ak yon pakè teknoloji intèaktif pou salklas.  Pwofi ki fèt nan konpetisyon talan sa a pral benefisye pwogram edikasyon piblik yo.  Prezantatè prensipal pou NBC Miami Kevin Corke pral mèt seremoni an.

Atravè “Foundation for New Education Initiatives” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) distri a, Konsè Sipèentandan an pou Benefis sipòte Pwogram Paspò Kiltirèl la, nan bay tout elèv Jadendanfan-12 ane eskolè yon diferan eksperyans nan domèn kiltirèl chak ane lekòl. . 
Patownè evènman an se The Adrienne Arsht Center for the Performing Arts of Miami-Dade County, “eInstruction,” Herff Jones, The Hit Factory/Criteria Miami, MCM-Munilla Family Foundation, Inc., Pearson ak Blue Cross Blue Shield.
Tikè pou “Best Voice? Your Choice!” se $25 plis tout lòt frè ki aplikab e ou ka achte yo sou Entènèt nan www.arshtcenter.org oubyen rele Arsht Center Box Office nan 305-949-6722.

 

 

# # #

10-JS/260/DF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès