POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 29 septanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL POU ETID AVANSE AP FÈ DE SESYON ENFÒMASYON POU ELÈV 10YÈM ANE ESKOLÈ KI ENTERESE NAN ADMISYON NAN KOLÈJ BONÈ, 2 OKTÒB

“The School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse), yon lekòl segondè aplentan, doub anwolman, pral fè yon sesyon enfòmasyon/aplikasyon samdi 2 oktòb pou ane lekòl 2011-2012 la, nan de kanpous Miami Dade College (MDC): Kanpous Kendall, 11011 S.W. 104th St. kòmanse 10è dimaten pou 11:30 dimaten; e Kanpous Homestead, 500 College Terrace, kòmanse 2è nan aprèmidi pou 3:30 nan aprèmidi.

Yo envite tout elèv 10yèm ane eskolè nan distri a ki gen yon mwayèn 3.0 pou aplike, e ki ka pase pou 11yèm ane eskolè apre yo fin pase egzamen plasman yo bay nan kolèj MDC. Yo chwazi elèv yo sèlman baze sou lòd aplikan yo satisfè demand kritè ki etabli yo.

Elèv ki nan SAS fini de dènye ane lekòl segondè yo pandan yo nan MDC e, nan plizyè ka, yo gradye anmenmtan ak toude, yon diplòm lekòl segondè e yon diplòm “Associate of Arts” MDC.
 
Chak semès, elèv yo enskri nan yon minimòm twa kou kolèj doub anwolman, pwofesè MDC anseye, e kat kou lekòl segondè, pwofesè SAS anseye. Tout kou lekòl segondè yo se kou Plasman Avanse eksepte “pre-calculus”  ak rechèch.  Elèv yo resevwa ekolaj gratis ak frè, liv gratis, e, si yo elijib, yo jwenn transpòtasyon otobis lekòl ak “Metrorail” Lekòl Leta Miami-Dade County finanse.

SAS lokalize nan kat kanpous MDC: kanpous Homestead, Kendall, Nò ak Wolfson.
Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, rele 305-237-0510 oubyen vizite paj Entènèt SAS la nan: http://sas.dadeschools.net.

###

10-JS/261/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès