|
“TERRA ENVIRONMENTAL” RESEVWA SÈTIFIKASYON LÒ NAN MEN MIAMI – Enstiti Rechèch Anviwònmantal TERRA ki nan Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa resamman sètifikasyon Lò nan men “U.S. Green Building Council (USGBC)” (Konsil Etazini pou konstwi Bilding Ekolojik) kòm “LEED” (Leadership in Energy and Environmental Design) (Lekòl ki Antèt nan Fè Plan Enèji ak Anviwonman). “TERRA Environmental” se premye nouvo kanpous konplè (plis pase 500 elèv), lekòl segondè leta nan peyi a ki rive jwenn kalite distenksyon sa a anba LEED pou lekòl. Youn nan demann pou yo konsidere yon lekòl pou sètifikasyon Lò se lè konsèy direksyon an adopte yon Plan Global ki dirab pou bilding nan. Enstiti Rechèch Anviwònmantal TERRA ap sèvi kòm yon egzanp pou enspire lòt distri lekòl nan tout peyi a ki fidèl ak konsèp planifikasyon ekolojik nan konstwi nouvo bilding nan lavni. USGBC a se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki gen ladan chak sektè nan endistri bilding nan e bi prensipal li se pwomote bilding ki pwoteje lasante, ki pa gaspiye enèji, ki dirab sou plan anviwònmantal. Sistèm setifikasyon bilding ekolojik LEED se sistèm ki klase antèt nan fè plan, konstwi, e operasyon bilding ekolojik. Plis pase 35,000 pwojè patisipe nan sistèm klasman sa a, ki gen ladan plis pase 5.6 milya pye kare espas konstriksyon nan tout eta yo ak 91 peyi atravè mond la. # # # 10-JS/262/TC/CM |