|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY RESEVWA $1.2 MILYON POU PRIM AR NAN EDIKASYON USDOE MIAMI - Lekòl Leta Miami-Dade County te resamman resevwa yon prim katran pou $1.2 milyon nan men “United States Department of Education (USDOE)” (Depatman Edikasyon Etazini) pou finansman anba Pwogram “Arts in Education Model Development and Dissemination (AEMDD)” (Devlopman ak Difizyon Modèl Ar nan Edikasyon). Bi pwogram sa a se pou devlope, dokimante, evalye, e difize yon pwogram efikas ak estanda debaz replikab, entegrasyon ar ki amelyore akonplisman elèv elemantè yo. Yo pral aplike pwojè “HeARTS & Minds” la nan Lekòl Elemantè Robert Russa Moton, yon lekòl klas matènèl rive 5yèm ane eskolè ki lokalize nan West Perrine. Plan pwojè a genyen senk eleman fondamantal: kourikoulòm ar entegre ki baze sou estanda ki enkòpore estrateji enstriksyonèl ki baze sou objè ak sou pwojè; planifikasyon ansèyman kolaboratif ant pwofesè salklas, kat espesyalis ar yo (dans, mizik, teyat ak ar vizyèl) nan lekòl la, ak atis k ap vizite; literati kòm yon baz pou entegre inite etid sou ar; eksperyans enstriksyon pwolonje nan enstitisyon kiltirèl, pèfòmans, ak andwa literè, ak devlopman pwofesyonèl k ap kontinye nan entegrasyon ar avèk atis e ekspè nan domèn nan. Aktyèlman yon pwogram magnèt ar estidyo ki baze sou odisyon pou seleksyone elèv yo, Lekòl Elemantè R. R. Moton pral tounen yon pwogram ki entegre ar nan tout lekòl la pou tout elèv patisipe. Elèv ki enterese ki abite deyò limit zòn lekòl la pral bezwen aplike. Yo ap akspete aplikasyon 1ye oktòb jiska 15 janvye e ou ka jwenn yo nan Lekòl Elemantè R.R. Moton, 18050 Homestead Avenue, Miami, Florida 33157, sou Entènèt nan www.miamimagnets.org, oubyen nan kontakte biwo Chwa Lekòl & Opsyon Paran nan 305-995-1922. ### 10-JJS/263/RL
|