|
JOUNAL “NATIONAL DESIGN” DESEN NASYONAL Resamman Pwogram Magnet Mize nan Lekòl Mwayen Shenandoah te ekspoze nan Jounal Nasyonal Desen nan otòn 2010 la, kote se Smithsonian’s Cooper-Hewitt ki te pibliye li, nan “National Design Museum” (Mize Desen Nasyonal). Jounal prestije sa a konsantre sou efè desen nan lavi jounalye atravè aktivite pwogram edikasyonèl ak administrasyon mize. Yo te ekspoze Lekòl Mwayen Shenandoah apre de (2) pwofesè te patisipe nan pwogram edikasyonèl “City of Neighborhoods” (Vil nan Katye) a ki genyen prim nan San Antonio Texas. Pwofesè yo te devlope leson pou Sant Resous Edikasyonèl Cooper-Hewitt e anplwaye Coopper-Hewitt te vizite lekòl la. Pwofesè yo aplike metodoloji desen yo aprann nan kreye yon anviwònman ki ranfòse estrateji pou aprann ki baze sou objè ak pwojè. Yo déjà kòmanse estrateji sa yo nan salklas yo, kote yo konsantre sou rezoud pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, envansyon e poze kesyon. Estrateji desine yo aprann nan Cooper-Hewitt bay yon pespektif adisyonèl ki konekte elèv yo plis toujou nan pwosesis aprann nan. Relasyon ant Lekòl Mwayen Shenandoah ak Cooper-Hewitt ap kontinye ofri eksperyans sipèlatif pou yon lekòl inik ak yon anviwònman tankou mize e ansèyman ekselan ki kaptive elèv yo. Patnè kominotè Lekòl Mwayen Shenandoah gen ladan Dade Heritage Trust (Fondasyon Eritaj Dade), Historical Museum of South Florida (Mize Istorik nan Sid Florid), Lowe Art Museum (Mize Ar Lowe), University of Miami (Inivèsite Miami), Miami Art Museum (Mize Ar Miami), Museum of Science (Mize Syans), The Wolfsonian-FIU, e Coral Gables Museum (Mize Coral Gables). ### 010-JJS/267/VVL/CF
|