POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 11 oktòb 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

CHANTÈ 11YÈM ANE ESKOLÈ LEKÒL SEGONDÈ NORTHWESTERN GENYEN BOUS ETID NAN SERI KONPETISYON KONSÈ BENEFIS SIPÈENTANDAN AN

Yo chwazi Samuel Collie, yon elèv 11yèm ane eskolè Lekòl Segondè Miami Northwestern, kòm gayan premye konsè nan listwa, ki rele “Best Voice? Your Choice!” (Meyè Vwa a? Fè Chwa w!), avèk vòt odyans la, samdi dènye nan Adrienne Arsht Center for the Performing Arts of Miami-Dade County.  Konpetisyon an te fè pati Seri Konsè Benefis Sipèentandan an.

Collie, ki te soti meyè pami 11 chantè ki gen plis don pou chante nan Distri a, te chante “I know Where I’ve Been” (Mwen Konnen Kote M Te Ye) ki soti nan komedi mizikal “Hairspray.”  Li genyen yon bous etid $5,000, yon sesyon anrejistreman nan estidyo selèb “Hit Factory” yo, dejne avèk gayan prim mizik pwodiktè/konpozitè Rudy Perez, e yon prim $5,000 pou pwogram ar Lekòl Segondè Northwestern ki gen ladan yon pake teknoloji enteraktiv pou salklas ki soti nan eInstruction.

Pami lòt patwon konsè a, genyen Arsht Center, Herff Jones, Target, Munilla Family Foundation, Inc., Pearson ak Blue Cross Blue Shield.  Pwofi ki fèt nan konpetisyon talan sa a pral benefisye pwogram edikasyon piblik yo.

Benefit Concert Series

Konsè“Best Voice? Your Choice!” (Meyè Vwa a? Fè Chwa w!): (goch-dwat) Mèt Seremoni Kevin Corke; Gayan Samuel Collie; Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, ak Mike Eidson, Chemann Konsèy Direktè “Performing Arts Center Trust” 

 

###

10-JS/268/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès