|
LAGE MOND LA NAN PLAMEN ELÈV NOU YO “Foundation for New Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ Edikasyon) Lekòl Leta Miami-Dade County a, ap fè dezyèm tounwa gòlf li a jedi, 21 oktòb 2010, nan Doral Golf Resort & Spa, 4400 N.W. 87 Avenue, Miami, FL 33178. Patwonè tit tounwa a, Rick Case Automotive Group, ap ofri prim “hole-in-one” 5 twou. Vizite paj Entènèt Fondasyon an nan giveourstudentstheworld.org e klike meni “Events” (Evènman) an pou enfòmasyon sou enskripsyon nan tounwa golf. Pwofi tounwa yo ap benefisye Fondasyon Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid, kreye pou amelyore akonplisman elèv e pou fòtifye angajman kominote a nan ranmase fon pou Akademi Paran An ak pwogram sipò elèv tankou Akademi Siksè a, Paspò Kiltirèl, konseye, leson patikilye ak lòt inisyativ edikasyon. Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho, ki se chèmann Komisyon Direktè Foundasyon an di, “Avèk kolaborasyon kominote a e sipò finansye, Fondasyon an te ouvri yon kantite nouvo opòtinite, inovasyon, motivasyon, ak siksè akademik pou elèv nou yo ak pwofesè yo … Edikasyon piblik se yon antrepriz leta/prive. Li ka reyisi sèlman avèk patisipasyon e resous ki sot nan tout sektè ekonomi an ak tout branch sosyete a.” Rele 305-995-1367 pou enfòmasyon sou enskripsyon gòlf. ### 10-JS/269/ RL
|