POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 13 oktòb 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO AK PREZIDAN UTD KAREN ARONOWITZ SIYEN ASIRANS “RACE TO THE TOP”

AKÒ A METE M-DCPS SOU WOUT POU JWENN JISKA $70 MILYON FINANSMAN

MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto yo M. Carvalho ak Prezidan UTD Karen Aronowitz siyen yon akò jodi a pou asire eta a sendika pwofesè yo dakò avèk aplikasyon Florid pou “Race To The Top (RTTT)” (Konpetisyon pou Jwenn Plis fon) an e li dakò pou negosye tèm ak kondisyon yo pou egzekite l konplètman.  Akò sa a mete Miami-Dade County sou wout pou jwenn jiska $70 milyon finansman RTTT.     

Msye. Carvalho di, “Sa se yon moman enpòtan pou tout moun nan Miami-Dade County … Pwofesè, administratè, paran ak lidè biznis ini yo pou sipòte efò refòm ki pral benefisye bezwen edikasyonèl elèv nou yo dirèkteman e objektif anplwa alontèm.”

Florid elijib pou resevwa $700 milyon finansman RTTT sou yon peryòd katran.  Selon aplikasyon fon Florid la, yo pral sèvi ak fon yo pou ogmante siksè elèv; diminye eka ki genyen nan reyalizasyon sou-gwoup yo nan lekti/redaksyon ak matematik; ogmante  to gradyasyon nan lekòl segondè; e ogmante kantite elèv ki ap antre nan kolèj ak kantite  elèv ki konplete kredi ki egal ak omwen yon ane kolèj, ki aplikab a yon degre nan espas dezan anwolman nan yon enstitisyon edikasyon siperyè.

Mwa pase, yo te nonmen Sipèentandan Carvalho, atravè yon dekrè egzekitif, pou li dirije Gwoup Travay RTTT Florid la.  Anba direksyon Carvalho, Gwoup Travay la te revize “Memorandum of Understanding” (Akò Konpreyansyon) an ki sipòte aplikasyon eta a pou fon RTTT a, e li te travay pou favorize yon sipò ki pi laj pami moun ki gen enterè nan kominote a. 

Depatman Edikasyon Etazini patwone RTTT pou l bay eta yo $4.35 milya finansman pou yo ka fè chemen pou plan ki konplèks men ki reyalizab pou rive elabore refòm edikasyon ki rasyonèl, desizif e konpreyansif.  Yo te chwazi Florid kòm youn nan 16 finalis pou Faz I fon RTTT a, paske li te katriyèm pi gwo kantite pwen nan aplikasyon li a.   
 

###

10-JS/270/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès