POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 18 oktòb 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YON ELÈV KATRIYÈM ANE ESKOLÈ KI SOTI NAN AKADEMI PREPARATWA CORAL GABLES K-8 GENYEN KONKOU REDAKSYON MWA ERITAJ ISPANIK LA

MIAMI – Isabella Gonzalez, yon elèv katriyèm ane eskolè nan Akademi Preparatwa Coral Gables K-8, se te gayan nan konkou redaksyon Mwa Eritaj Ispanik Gouvènè a.  Gouvènè Charlie Crist te onore li resamman nan Rezidans Gouvènè a pou redaksyon li a ki genyen prim, ki aksantye kontribisyon ak akonplisman yon Ispanik Ameriken ki trè renome nan Florid.

Isabella te antre nan konkou redaksyon an kòm yon pati “Extended Foreign Language Program (EFL)” (Pwogram Ekstansyon Lang Etranjè) nan Lekòl Coral Gables K-8. Redaksyon li a te pi bon pase 200 nan redaksyon elèv elemantè atravè eta a. Isabella te ekri sou Lucila Venet Jimenez, mèt yon boulanjri Ispanik kote Isabella dekri gato li yo tankou “yo gen gou paradi sèvi nan yon asyèt.”

Isabella se te sèl gayan konkou redaksyon nan Miami-Dade County. L ap resevwa yon bous etid katran avèk frè konplè pou nenpòt kolèj oubyen inivèsite eta Florid, “Florida Prepaid College Foundation” (Fondasyon Florid Peye Kolèj Davans) ofri.

Antony Reboucas nan Lekòl Pinecrest Academy Charter se te gayan konkou ar nan Mwa Eritaj Ispanik la, e l ap resevwa yon kat kado $250.

Enfòmasyon adisyonèl sou eritaj Ispanik nan Florid, konkou ak lòt evènman ki relate ap disponib nan www.FloridaHispanicHeritage.com

 

###

10-JS/273/TR/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès