POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 21 oktòb 2010       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AK DANTIS LOKAL FÈ PATENARYA POU LANSE INISYATIV DANTAL

KIYÈS: 
Anplwaye Lekòl Elemantè Fulford, pwofesè, paran ak sitwayen konsène
KISA:

“Brushing with Dr. Lynda launch event”
(Lansman Evènman Bwose Dan ak Dtè. Lynda)

KILÈ: 
Vandredi 22 oktòb a 9è dimaten
KI KOTE: 

Fulford Elementary School
16140 N.E. 18th Avenue
North Miami Beach, Florida 33162 

POUKISA:

Lekòl Leta Miami-Dade County ak dantis lokal e defansè swen sante timoun, Dtè. Lynda Colaizzi, fè patenarya pou lanse inisyativ Bwose Dan ak Dtè. Lynda.  Pwogram nan pwomote ijyèn dantal e ankouraje yon rejim sante jounalye pami elèv lekòl elemantè.  Pwogram pilòt sa a fèt pou bay elèv yon bwòsdan ki deja gen pat pou yo jete apre nan lè repa midi chak jou ak yon pati edikasyonèl.  Elèv ijyèn dantal Kolèj Miami Dade ap disponib nan lansman evènman an pou bay elèv yo enstriksyon sou bon fason pou bwose dan yo.

Y ap enplemante pwogram nan tou nan Sant K-8 David Lawrence Jr.

 

 

# # #

10-JJS/276/DF/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès